Si ou te fè yon mastektomi oswa w ap planifye fè youn, ou kapab jwi dwa espesyal dapre sa Lwa pou Dwa Fanm nan sa ki gen pou wè ak Kansè ak Lasante an pou ane 1998 (Women's Health and Cancer Rights Act, WHCRA). Kesyon ak repons ki pi ba yo klarifye dwa debaz ou genyen selon WHCRA yo.

Yo te dekouvri mwen gen kansè nan tete epi mwen planifye fè yon mastektomi, ki anba pwoteksyon plan asirans mwen an. Èske plan sante mwen an pral kouvri chiriji rekonstriksyon tou?

Si plan sante an gwoup ou an oswa konpayi asirans sante w lan garanti depans pou mastektomi, li ta dwe ofri kèk opsyon chiriji rekonstriksyon ak lòt avantaj ki gen pou wè ak mastektomi, tankou:

  • Tout etap rekonstriksyon tete yo te fè mastektomi pou li an,
  • Chiriji ak rekonstriksyon lòt tete an pou fè yo gen yon aparans simetrik,
  • Pwotèz, ak
  • Trètman konplikasyon fizik ki rive pandan mastektomi an, tankou lenfedèm.

Ekip responsab plan an dwe pale ansanm avè w epi ak doktè ki ap pran swen w lan lè y ap detèmine kijan w pral benefisye pwoteksyon asirans sa a.

Mwen dwe fè yon mastektomi pou rezon medikal, malgre yo pa t dekouvri mwen gen kansè. Èske WHCRA an ap aplike pou sitiyasyon m lan?

Wi, lwa an ap aplike pou sitiyasyon w lan si plan sante an gwoup ou an oswa konpayi asirans sante ou an kouvri mastektomi epi ou ap resevwa avantaj ki gen pou wè ak mastektomi - kit ou te gen oswa pa gen kansè. Malgre non li genyen an, pa gen okenn bagay nan lwa an ki limite dwa WHCRA bay pasyan ki gen kansè yo.

Èske tout plan sante an gwoup yo ak konpayi asirans sante yo oblije ofri avantaj chiriji rekonstriksyon?

Jeneralman, WHCRA aplike ak tout plan sante an gwoup ki ofri kouvèti pou avantaj medikal ak chiriji ki gen pou wè ak mastektomi, epi tou ak konpayi asirans yo afilye yo. Sepandan, gen eksepsyon pou kèk "plan legliz" ak "plan gouvènman". Si se yon "plan legliz" oswa yon "plan gouvènman" ki ofri w pwoteksyon ou an, pale sa ak administratè plan w lan.

Èske m ap gen pou m peye yon franchiz oswa yon kotizasyon?

Sa posib. Plan sante an gwoup yo ak konpayi asirans sante yo kapab egzije pasyan yo peye franchiz oswa kotizasyon sou mastektomi yo ak tretman apre mastektomi yo, men peman sa yo p ap pi plis pase sa ki deja tabli pou lòt avantaj yo. Si n t ap di sa yon lòt jan, sa vle di franchiz pou chiriji rekonstriksyon apre mastektomi an ta dwe menm bagay ak franchiz pou nenpòt pwosedi ki se menm pwosedi an plan an garanti.

Anvan mwen te chanje travay, mwen te fè yon mastektomi ki te fèt anba pwoteksyon plan ansyen antrepriz mwen t ap travay ladan l lan. Kounye a, mwen enskri nan nouvo plan antrepriz m ap travay la epi mwen vle fè yon chiriji rekonstriksyon. Èske mwen oblije enplike nouvo plan antrepriz m ap travay ladan l lan nan pwosedi sa a?

Si ou fè yon demann chiriji rekonstriksyon, nouvo plan antrepriz w ap travay ladan kounye a an dwe garanti li si:

  • Plan an ofri pwoteksyon pou mastektomi, epi
  • Ou ap resevwa avantaj nan plan an ki gen pou wè ak mastektomi ou an.

Epitou, plan kote w ap travay ladan l kounye a an jeneralman dwe garanti lòt avantaj yo presize nan WHCRA yo, menm si ou pa t enskri nan plan antrepriz w ap travay ladan l kounye a lè w t ap fè mastektomi an.

Lwa Pwoteksyon Pasyan ak Swen Pou Tout Moun lan genyen vini ansanm ak pwoteksyon adisyonèl. Jeneralman, yon plan sante an gwoup pa kapab limite oswa refize avantaj ki gen pou wè ak yon pwoblèm medikal ki te egziste anvan ou vin enskri nan plan nouvo antrepriz w ap travay ladan l kounyea. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale sou dol.gov/agencies/ebsa/laws-and-regulations/laws/affordable-care-act/for-workers-and-families oswa HealthCare.gov.

Plan sante an gwoup antrepriz m ap travay ladan l lan ofri mwen pwoteksyon gras ak yon konpayi asirans. Apre mastektomi mwen an, antrepriz m ap travay ladan l lan chanje konpayi asirans yo. Nouvo konpayi asirans lan refize garanti chiriji rekonstriksyon mwen an. Èske sa a legal?

Sa pa legal si:

  • Nouvo konpayi asirans lan ofri pwoteksyon pou mastektomi.
  • Ou ap resevwa avantaj nan plan an ki gen pou wè ak mastektomi ou an, epi
  • Ou chwazi pou w pa fè chiriji rekonstriksyon.

Si kondisyon sa yo aplike ak sitiyasyon w lan, ebyen nouvo konpayi asirans lan dwe ofri pwoteksyon pou rekonstriksyon tete ansanm ak lòt avantaj ki obligatwa selon WHCRA an. Menm si ou pa t anba kouvèti nouvo konpayi an lè ou t ap fè mastektomi an, sa a pa gen okenn enpòtans.

Mwen konprann plan snate an gwoup mwen an dwe fè mwen konnen dwa mwen genyen pa rapò ak WHCRA an nan yon avi lè mwen ap enskri nan plan an. Ki enfòmasyon avi sa a genyen ladan li?

Plan an dwe bay tout anplwaye yo yon avi nan moman y ap enskri nan plan sante an ki:

  • Dekri avantaj WHCRA an egzije pou plan ak konapyi asirans yo garanti, sa ki genyen ladan yo:
    • Pwoteksyon pou tout etap rekonstriksyon tete yo te fè mastektomi pou li an,
    • Chiriji ak rekonstriksyon lòt tete an pou fè yo gen yon aparans simetrik,
    • Pwotèz, ak
    • Trètman konplikasyon fizik ki rive pandan mastektomi an, tankou lenfedèm;
  • Deklare pwoteksyon avantaj ki gen pou wè ak amstektomi an pral disponib nan yon fason yo deside nan moman konsiltasyon ansanm ak doktè an ak pasyan l ap pran swen an;
  • Dekri nenpòt franchiz ki aplikab ak limit kotizasyon ki aplike ak kouvèti an yo presize nan WHCRA yo. Limit franchiz ak kotizasyon kapab obligatwa sèlman so yo koresponn ak sa ki tabli pou lòt avantaj selon plan oswa pwoteksyon an.

Ki enfòmasyon avi anyèl WHCRA an plan sante mwen an ban m lan genyen ladan li?

Avi anyèl ou an dekri kat (4) kategori kouvèti ki obligatwa selon WHCRA an ak fason pou jwenn yon deskripsyon detaye avantaj mastektomi ki antre nan kad plan mwen yo. Pa egzanp, yon avi anyèl kapab sanble ak sa w pral wè la a:

"Èske w konnen plan w lan, jan sa di nan Lwa sou Dwa Fanm nan sa ki gen pou wè ak Kansè ak Lasante pou ane 1998 la, ofri avantaj pou sèvis ki gen pou wè ak mastektomi tankou tout etap rekonstriksyon ak chiriji pou fè tete yo parèt simetrik, pwotèz, ak konplikasyon ki rive poutèt yo te fè yon mastektomi, tankou lenfedèm? Rele administratè plan w lan [nimewo telefòn li la a] pou jwenn plis enfòmasyon."

Avi anyèl ou an kapab se menm avi yo te ba w nan moman w t ap enskri ann plan an si li genyen enfòmasyon ki dekri pi wo an.

Eta mwen an egzije konpayi asirans sante yo kouvri ti peryòd sejou lopital ki gen pou wè ak mastektomi yo (ki pa yon bagay WHCRA egzije). Si mwen fè yon mastektomi oswa yon rekonstriksyon tete, èske mwen genyen dwa pou mwen benefisye ti peryòd sejou ann lopital la a?

Si plan sante an gwoup antrepriz w ap travay ladan l lan ofri pwoteksyon gras ak yon konpayi asirans, ou genyen dwa pou w benefisye ti peryòd sejou nan lopital la lwa Eta an egzije an. Anpil lwa eta ofri plis pwoteksyon pase WHCRA ab nan kad kouvèti yon konpayi asirans oswa "pwoteksyon asire" ofri.

Si plan sante an gwoup antrepriz w ap travay ladan l lan ofri... Ou genyen dwa pou w benefisye...
Pwoteksyon asirans gras ak yon konpayi asirans Pwoteksyon Eta (nan Eta ki ofri l yo) ak federal
Pwoteksyon asirans otonòm Pwoteksyon federal sèlman

Pou w kapab konnen si plan sante an gwoup ou an "asire" oswa gen yon "asirans otonòm", ale gade nan Deskripsyon Rezime Plan (Summary Plan Description, SPD) plan w lan oswa kontakte administratè plan w lan.

Si pwoteksyon w lan "asire" epi ou vle konenn si ou gen pwoteksyon adisyonèl sou bò Eta w lan, konatjte depatman asirans eta w lan.

Mwen genyen yon kouvèti medikal gras ak yon asirans endividyèl, se pa gras ak yon antrepriz m genyen l. Èske WHCRA an kouvri mwen?

Dwa WHCRA yo aplike ak kouvèti medikal endividyèl yo tou. Egzijans sa yo souvan fèt nan kad pwosedi depatman asirans Eta an. Rele depatman asirans Eta w la oswa Depatman Sante ak Sèvis Imen an gratis nan 1-877-267-2323, ekstansyon 6-1565, pou w kapab jwenn plis enfòmasyon.

Èske mwen kapab benefisye tès depistaj pou kansè nan tete oswa sèvis prevansyon ki sanble ak sa gratis?

Sa posib. Selon sa Lwa Swen pou Tout Moun lan di, ou kapab benefiste kèk sèvis prevansyon ki rekòmande, tankou depistaj mamografi pou kansè nan tete pou fanm ki gen 40 ak plis lane yo, san kontribisyon, kotizasyon, franchiz oswa lòt pataj depans. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale sou HealthCare.gov/coverage/preventive-care-benefits/. WHCRA pa egzije pwoteksyon pou sèvis prevansyon ki gen pou wè ak deteksyon kansè tete yo.

Resous:

Se Depatman Travay ak Sante ak Sèvis Imen an ki jere kesyon WHCRA an.

Depatman Travay la

Pou plis enfòmasyon konsènan dwa WHCRA w yo anndan yon plan sante yon antrepriz esponnsorize ak lòt sijè sou pwoteksyon medikal, ale sou dol.gov/agencies/ebsa. Pou w kapab fè kòmann piblikasyon, konnen plis konsènan pwogram ak sèvis nou yo, oswa poze kesyon konsènan avantaj ou yo, kontakte EBSA nan askebsa.dol.gov oswa rele gratis nan: 1-866-444-3272.

Depatman Sante ak Sèvis Imen

Pou jwenn plis enfòmasyon sou WHCRA, ale sou www.cms.gov/CCIIO/Programs-and-Initiatives/Other-Insurance-Protections/whcra_factsheet.html oswa rele gratis nan: 1-877-267-2323, ekstansyon 6-1565.

National Association of Insurance Commissioners

Pou jwenn enfòmasyon kontak pou biwo Eta ou an, ale sou naic.org/state_web_map.htm.