Tabdèmatyè

Entwodiksyon

Plan ekonomi pou retrèt konpayi w ap travay ladan l lan se yon pati esansyèl nan sekirite finansyè ou alavni. Li enpòtan pou w konprann kijan plan w lan fonksyone epi ki avantaj ou pral resevwa. Menm jan ou t ap mete kontwòl sou lajan ou mete labank oswa yon lòt enstitisyon finansye, li nan enterè w pou w mete kontwòl sou avantaj retrèt ou yo.

Moun ki responsab jesyon ak sipèvizyon plan retrèt ou an dwe suiv kèk règ ak prensip lè y ap jere plan an, jere lajan ki disponib pou plan an, epi sipèvize konpayi k ap jere lajan an. Ou dwe konprann ak sipèvize plan retrèt ou an ansanm ak avantaj ou yo tou. Ou pral jwenn Eleman Mezi yo nan chak chapit yo pou ede w nan fè sa a.

Tiliv sa a ap ede w konprann plan w lan epi l ap eksplike w ki enfòmasyon ou dwe revize detanzantan epi ki kote w dwe ale pou jwenn èd ak kesyon w genyen yo. Li genyen ladan li enfòmasyon sou:

  • Diferan kategori plan retrèt;
  • Ki kalite enfòmasyon ou kapab jwenn konsènan plan w lan;
  • Kilè epi kijan ou kapab resevwa avantaj retrèt yo;
  • Kisa pou w fè si ou genyen kesyon oswa dekouvri yon erè;
  • Responsabilite moun ki ap jere plan an ansanm ak envestisman li yo;
  • Responsabilite w genyen pou konprann ak sipèvize plan w lan; epi
  • Sikonstans espesifik tankou divòs oswa chanjman nan pwopriyetè antrepriz kote w ap travay la kapab gen enpak sou avantaj retrèt ou an.

Nenpòt mo ou ta wè ki parèt an ble nan tèks la genyen eksplikasyon ki disponib pou li nan Glosè an.

Plan Retrèt Yo Eksplike Anndan Ti Liv Sa a

Ti liv sa a pale konsènan plan retrèt prive yo ki anba kontwòl lwa ak direktiv Federal yo nan Lwa 1974 sou Sekirite Revni pou Retrèt Anplwaye (Employee Retirement Income Security Act of 1974, ERISA) a ak Kòd Revni Entèn lan. ERISA se yon lwa Federal ki tabli estanda pou majorite antrepriz k ap bay moun travay - ak plan retrèt sendika yo nan endistri prive epi ki enpoze responsabilite sou moun ki ap dirije plan yo. Moun k ap patisipe nan plan sa yo gen kèk dwa ak responsabilite.

Règleman yo pale sou yo anndan ti liv sa a pa aplike ak tout plan retrèt. Pa egzanp, enfòmasyon an pa aplike ak:

  • Plan administrasyon lokal ak plan Eta yo, tankou plan ki bay pwofesè lekòl yo ak administratè lekòl yo pwoteksyon;
  • Majorite nan plan legliz yo; ak
  • Plan pou anplwaye administrasyon federal yo.

Si ou ap patisipe nan yon plan ki negosye nan yon fason kolektif, règ ki aplike selon sa ERISA di a kapab diferan nan kèk ka.

Enfòmasyon ki anndan paj sa ki pi ba yo reponn ak kesyon moun plis poze sou plan retrèt yo. Sepandan, sonje, ti liv sa a se yon rezime senplifye dwa ak responsabilite patisipan an genyen yo. Se pa yon entèpretasyon legal ERISA.

Chapit 1: Kategori Plan Retrèt yo

Premye etap pou w vin konprann avantaj retrèt ou yo se chèche konnen ki kalite plan retrèt antrepriz w ap travay ladan l lan ofri. Gen de (2) kalite prensipal plan, ki gen avantaj ak kotizasyon ki defini, nou dekri epi byen esplike yo la a nan Tablo 1. Sonje antrepriz kote w ap travay la gen plis pase yon kalite plan, epi kapab genyen diferan egzijans pou patisipe nan chak plan sa yo.

Yon plan avantaj byen defini, antrepriz w ap travay ladan l lan finanse, kapab vin ak yon avantaj espesifik chak mwa nan moman retrèt ou an. Plan an kapab endike avantaj li ap pwomèt ou an antanke yon kantite dola egzak, tankou 100 dola chak mwa nan moman retrèt an. Oswa, souvan fwa, li kapab kalkile avantaj ou gras ak yon yon fòmil ki genyen ladan li faktè tankou salè ou, laj ou, ak kantite ane ou fè ap travay nan konpayi an. Pa egzanp, avantaj retrèt ou an kapab egal ak 1 pousan salè w genyen an mwayèn lan pou 5 dènye ane ou fè ap travay yo miltipliye pa kantite total lane sèvis ou yo.

Nan yon lòt bò, yon plan kotizasyon byen defini, pa pwomèt ou yon avantaj espesifik nan moman retrèt ou an. Olye sa a, ou menm ak/oswa antrepriz w ap travay ladan l lan ap fè kotizasyon lajan nan kont endividyèl ou an anndan plan an. Nan plizyè sitiyasyon, ou responsab pou w chwazi kijan pou kotizasyon sa yo envesti, ak deside konbyen ki dwe antre nan kad kotizasyon yo nan revni chak mwa w lan atravè dediksyon anvan taks yo. Antrepriz w ap travay ladan l lan, kapab depoze lajan sou kont ou, nan kèk ka li ka fè sa yon fason pou l egal ak yon sèten pousantaj kotizasyon w yo. Valè kont ou an depann konbyen lajan ki kotize ladan l epi nan ki fason envestisman yo pote rezilta. Nan moman retrèt an, ou resevwa balans lan nan kont ou, ki pral genyen ladan li kontribisyon yo, benefis oswa pèt nan envestisman yo, ansanm ak nenpòt frè yo pran sou kont ou an. Plan 401(k) an se yon kalite plan kotizasyon defini ki popilè anpil. Gen kat (4) kalite plan 401(k): 401(k) tradisyonèl la, safe harbor 401(k), SIMPLE 401(k) ak plan 401(k) enskripsyon otomatik yo. Plan SIMPLE IRA an, SEP, plan pwopriyete aksyon anplwaye an (employee stock ownership plan, ESOP), ak plan pataj pwofi an se lòt egzanp plan kotizasyon ki defini. (Gade eksplikasyon konsènan divès kalite plan yo anndan Glosè an nan fen an.)

Nòt

  1. Antrepriz k ap bay travay yo kapab chwazi si yo vle ofri yon plan retrèt bay anplwaye yo; Lalwa Federal pa egzije pou antrepriz sa yo ofri oswa kontinye ofri yon plan.
  2. Sosyete pou Garanti Avantaj Retrèt an (Pension Benefit Guarantee Corporation, PBGC) garanti peman kèk avantaj retrèt pou patisipan nan majorite plan avantaj yo si plan an kanpe san ase lajan pou peye tout avantaj ki te pwomèt yo. Administrasyon an pa garanti peman avantaj pou plan kotizasyon defini yo. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale vizite sit entènèt PBGC.
  3. Kèk plan ibrid - tankou plan balans lajan kach - genyen ladan yo fonksyonalite toude kategori plan ki dekri pi wo yo. Ale gade nan Glosè an pou w jwenn enfòmasyon sou kalite plan sa a.

Eleman Mezi

Mande administratè plan w lan, biwo resouzimèn lan oswa responsab kote w ap travay la enfòmasyon sou ki kalite plan (youn oswa plizyè) ou genyen nan kad travay la. Ou kapab mande yon kopi Deskripsyon Rezime Plan an (ti liv plan avantaj ou ta dwe resevwa lè w ap enskri nan plan an) epi revize enfòmasyon ki disponib konsènan plan an.

Tablo 1: Karakteristik Plan Avantaj Defini ak Plan Kotizasyon Defini yo
  Plan Avantaj Defini Plan Kotizasyon Defini
Kotizasyon Antrepriz ki bay travay la ak/oswa Kotizasyon Korespondans Finansman antrepriz la. Règleman federal yo tabli kantite lajan antrepriz yo dwe mete antanke kotizasyon nan plan yo nan yon efò pou asire plan yon genyen ase lajan pou peye avantaj yo lè moman an rive pou sa fèt la. Genyen penalite ki prevwa pou si toutfwa sa yo pa satisfè. Pa gen okenn egzijans pou antrepriz ki bay travay la fè kotizasyon, sof nan ka se yon 401(k) SIMPLE ak Safe Harbor, plan a fòmil acha yo, SIMPLE IRA yo ak SEP yo. Antrepriz ki bay travay la kapab gen pou l fè kotizasyon nan kèk plan enskripsyon otomatik 401(k).
Antrepriz ki bay travay la kapab chwazi fè kotizasyon egal ak kotizasyon yon ti pati nan anplwaye l yo oswa fè kotizasyon san anplwaye yo pa fè l tou. Nan kèk plan, kotizasyon antrepriz ki bay travay la kapab parèt sou fòm aksyon.
Kotizasyon Anplwaye yo Jeneralman, anplwaye yo pa fè kotizasyon nan plan sa yo. Plizyè plan egzije pou anplwaye an fè kotizasyon nan objektif pou gen yon kont ki kreye.
Jesyon Envestisman an Se direktè plan yo ki ap jere envestisman an. Antrepriz ki bay travay la gen reponsabilite pou l asire l kantite li depoze nan plan an plis benefis envestisman yo ap ase pou peye avantaj ki pwomèt la. Anplwaye an li menm souvan gen responsabilite pou li jere envestiman ki sou kont li an, epi pou chwazi opsyon envestisman li vle pami sa ki ofri nan plan yo. Nan kèk plan, responsab plan yo gen devwa pou yo envesti tout aktif ki gen anndan plan yo.
Kantite Avantaj ki Peye Nan Moman retrèt yo Yon avantaj yo pwomèt chita sou yon fòmil, ki souvan se konbinezon laj anplwaye an, ane li fè ap travay nan antrepriz ki ba l travay la, ak/oswa salè li. Avantaj lan gen pou wè ak kotizasyon anplwaye an ak/oswa antrepriz lan fè yo, pèfòmans envestisman kont yo, ak frè yo fè peye pou kont lan.
Kategori Peman Avantaj pou Retrèt Nan yon fason tradisyonèl, plan sa yo fè peman prim pou moun ki pral nan retrèt an chak mwa pandan tout rès lavi li. Plan yo kapab ofri lòt opsyon peman. Moun ki pral nan retrèt an kapab transfere balans ki sou kont lan nan yon kont retrèt endividyèl (Individual Retirement Account, IRA) ki se kont moun ki ap benefisye retrèt an ap fè retrè lajan ladan li an, oswa li kapab resevwa li antanke yon peman global. Kèk plan ofri peman chak mwa atravè yon prim.
Garanti Avantaj yo Gouvènman Federal lan, atravè Sosyete pou Garanti Avantaj Retrèt an (Pension Benefit Guaranty Corporation, PBGC), garanti kèk kantite avantaj. Pa gen garanti avantaj Federal.
Kite Konpayi an Anvan Laj Retrèt an Si yon anplwaye kite plan an apre li fin resevwa yon avantaj men li fè sa anvan laj retrèt an, avantaj lan jeneralman pral rete anndan plan an jiskaske antrepriz ki bay travay la fè yon reklamasyon pou li nan moman retrèt an. Kèk plan avantaj defini ofri opsyon pou retrèt antisipe. Anplwaye an kapab transfere balans kont lan nan yon kont retrèt endividyèl (Individual Retirement Account, IRA) oswa, nan kèk ka, yon lòt plan antrepriz la, kote li kapab kontinye grandi selon benefis envestisman yo. Anplwaye an kapab pran balans lan anndan plan an, men li pral dwe taks e li posib menm pou l peye penalite, sa ki pral redui revni pou retrèt an. Plan yo kapab likide ti kont yo.

Chapit 2: Kijan pou Jwenn Avantaj Retrèt yo

Yon fwa ou vin aprann ki kalite plan retrèt antrepriz w ap travay ladan l lan ofri, ou pral gen pou w konnen kilè ou kapab patisipe nan plan an epi kòmanse jwenn avantaj yo. Règleman plan yo kapab varye toutotan yo reponn ak egzijans Lwa Federal yo. Ou dwe verifye nan plan w lan oswa revize ti liv plan an (ki pote non Deskripsyon Rezime Plan) pou w kapab aprann règleman ak egzijans plan w lan genyen yo. Plan w lan kapab egzije w travay pou konpayi an pou yon peryòd tan anvan w kapab patisipe nan plan an. Epitou, jeneralman, genyen yon delè pou kòmanse akimile avantaj epi genyen dwa pou benefisye yo (yo rele sa “akizisyon” jeneralman).

Kiyès ki kapab patisipe nan plan retrèt antrepriz w ap travay la?

Degaranti si ou fè pati gwoup anplwaye ki ap jwenn avantaj nan plan retrèt antrepriz w ap travay la. Lwa federal yo pèmèt antrepriz yo mete kèk gwoup anplwaye epi wete kèk lòt nan yon plan retrèt. Pa egzanp, antrepriz w ap travay ladan l lan kapab finanse yon plan pou anplwaye ki gen salè chak mwa yo epi yon lòt pou anplwaye ki nan sendika yo. Anplwaye a tan pasyèl yo kapab vin kalifye si yo travay omwen 1,000 èdtan chak ane, ki se anviwon 20 èdtan chak semèn. Kidonk si w ap travay a tan pasyèl, chèche konnen si ou anba pwoteksyon sa a.

Kilè patisipasyon w lan kòmanse?

Yon fwa ou konnen ou anba pwoteksyon an, ou dwe chèche konnen kilè ou kapab kòmanse patisipe nan plan an. Ou kapab jwenn enfòmasyon sa a nan Deskripsyon Rezime Plan w lan. Lwa Federal yo tabli egzijans minimòm yo, men yon plan kapab gen mwens egzijans nan sans sa a. Jeneralman, yon plan kapab egzije pou yon anplwaye genyen omwen 21 lane epi pou l genyen yon lane travay anndan konpayi an anvan anplwaye an kapab patisipe nan yon plan. Sepandan, plan yo kapab pèmèt anplwaye yo kòmanse patisipe anvan yo vin genyen laj 21 lane oswa anvan yo fin gen yon lane ap travay. Pou rezon administrasyon, patisipasyon w lan kapab gen yon reta 6 mwa pou l kòmanse apre ou fin genyen laj sa a epi ranpli kritè tan travay la oswa jiskaske ou kòmanse lòt ane plan an, kèlkeswa sa ki rive anvan an. Ane plan an se ane ki nan kalandriye an, oswa nenpòt peryòd 12 mwa, yon plan retrèt itilize pou administrasyon plan. Li enpòtan pou ou aprann règleman ki genyen pou plan antrepriz w ap travay ladan l lan ofri w lan.

Antrepriz k ap bay travay yo kapab egzije ane travay anplis nan kèk sikonstans. Pa egzanp, si plan w lan dakò pou w fè akizisyon (nou pale sou sa pi ba nan chapit la) tousuit nan moman w ap patisipe nan plan an, sa kapab mande pou w travay pou konpayi an pandan de (2) lane anvan w kapab patisipe nan plan an.

Lwa federal yo enpoze lòt règ pou patisipasyon tou nan kèk sikonstans. Pa egzanp, si ou se yon travayè ki gen anpil laj nan moman w te kòmanse travay la, yo pa kapab mete w deyò pou w pa patisipe nan plan an sèlman paske w prèske rive nan laj retrèt an.

Kèk plan 401(k)ak plan SIMPLE IRA enskri anplwaye yo yon fason otomatik. Sa vle di ou kapab vin yon patisipan yon fason otomatik anndan plan an sof si ou chwazi pou pa ladan l ankò. Plan an pral fè dediksyon yon nivo kotizasyon ki detèmine nan salè w epi li pral plase l nan yon envestisman ki predetèmine. Si antrepriz w ap travay ladan l lan gen yon plan enskripsyon otomatik, ou ta dwe resevwa yon avi ki dekri pwosesis kotizasyon otomatik lan, lè patisipasyon w lan kòmanse, opòtinite w genyen pou kite plan an oswa chanje nivo kotizasyon w lan epi kote kotizasyon otomatik ou yo al envesti. Si w nan yon plan 401(k), avi an pral dekri tou ki dwa w genyen pou chanje envestisman yo, oswa si ou nan yon plan SIMPLE IRA, dwa w genyen pou chanje enstitisyon finansye kote kotizasyon w yo envesti an.

Kilè w kòmanse akimile avantaj?

Yon fwa ou kòmanse patisipe nan yon plan retrèt, ou dwe konprann kijan ou akimile avantaj. Avantaj akimile w lan se kantite avantaj retrèt ou te akimile oswa yo te afekte pou ou nan kad plan an nan nenpòt moman nan peryòd travay ou an.

Plan avantaj defini yo souvan konte kantite ane travay ou yo nan objektif pou detèmine si ou te genyen yon avantaj epi pou kalkile konbyen ou pral resevwa nan avantaj nan moman retrèt an. Anplwaye ki nan plan an ki ap travay a tan pasyèl yo, men ki travay pandan 1,000 èdtan oswa plis chak ane yo, dwe resevwa yon ti pati nan avantaj lan nan yon fason pwopòsyonèl ak sa yo t ap resevwa si yo te anplwaye a tan plen. Nan yon plan kotizasyon defini, akimilasyon avantaj ou an se kantite kotizasyon ak benefis ou genyen ki akimile nan plan 401(k) ou an oswa lòt kont plan retrèt, mwens frè plan w lan pran sou kont ou an.

Gen règ espesyal pou lè w kòmanse akimile avantaj ki kapab aplike ak kèk kalite plan retrèt. Pa egzanp, nan yon Plan Senplifye pou Pnasyon Anplwaye (Simplified Employee Pension, SEP), tout patisipan ki ap touche omwen $650 pandan yon lane nan men antrepriz y ap travay ladan l lan genyen dwa pou yo resevwa yon kotizasyon.

Èske yon plan kapab redui avantaj ki te pwomèt yo?

Plan avantaj defini yo kapab chanje nan ki frekans w ap resevwa avantaj alavni yo men yo pa kapab redui kantite avantaj ou te deja ap akimile yo. Pa egzanp, yon plan ki akimile avantaj nan yon frekans $5 chak mwa pandan plizyè ane sèvis rive nan ane 2021 kapab gen chanjman ki fèt ladan l nan objektif pou pèmèt avantaj yo disponib nan yon frekans $4 chak mwa pou ane sèvis ki kòmanse apati 2022 yo. Plan ki fè yon gwo rediksyon nan frekans avantaj yo akimile yo dwe ba w yon avi alekri jeneralman 45 jou anvan chanjman an antre anvigè.

Nan majorite sitiyasyon yo, si yon konpayi deside kanpe yon plan avantaj defini ki pa gen ase finansman pou peye tout avantaj ki pwomèt yo, Sosyete pou Garanti pou Avantaj Retrèt an (PBGC) ap peye patisipan plan yo ak benefisyè yo kèk avantaj retrèt, men li kapab mwens pase avantaj ki te pwomèt yo. (Pou jwenn plis enfòmasyon, ale sou sit entènèt PBGC.)

Nan yon plan kotizasyon defini, antrepriz ki ap bay travay la kapab chanje kantite kotizasyon li ap bay alavni. Antrepriz ki ap bay travay la kapab sispann kontribiye pandan kèk ane oswa li ka sispann nèt sa depann kondisyon plan yo.

Yon antrepriz kapab kanpe yon plan kotizasyon defini oswa yon plan avantaj defini, men li pa kapab redui avantaj ou te deja akimile an.

Apati ki moman ou genyen dwa pou w resevwa avantaj akimile w yo?

Ou fè yon akizisyon kotizasyon w yo ak benefis ou fè sou yo an imedyatman. Sa vle di ou vin genyen dwa pou w resevwa kantite sa yo san risk pou w pèdi yo. Men sonje - genyen restriskyon nan sa ki gen pou wè ak retire yo anndan plan an. Ale gade ti pale ki fèt sou règ ki gen pou alokasyon yo pi ba nan piblikasyon sa a.

Sepandan, ou pa nesesèman gen yon dwa imedya ak okenn kotizasyon antrepriz w ap travay ladan l lan fè yo. Lwa federal yo fè konnen yon kantite maksimòm lane yon antrepriz kapab egzije anplwaye yo travay pou yo kapab vin gen dwa akizisyon sou tout oswa kèk nan avantaj sa yo. (Gade tablo yo ki montre règ akizisyon yo.)

Nan yon plan avantaj defini, yon antrepriz kapab mande anplwaye l yo pou yo gen 5 lane sèvis nan objektif pou yo kapab vin gen 100% akizisyon nan avantaj antrepriz sa a finanse yo (sa rele akizisyon an blòk). Antrepriz yo kapab chwazi yon kalandriye akizisyon ki gradye tou, sa ki pral mande pou yon anplwaye travay pandan 7 lane nan objektif pou yo gen 100% akizisyon an, men yo dwe bay omwen 20% akizisyon apre 3 lane. 40% apre 4 lane, 60% apre 5 lane, epi 80% apre 6 lane sèvis. Kalandriye akizisyon ki apwouve pou plan avantaj defini aktyèl yo afiche nan Tablo 3. Plan yo kapab ofri yon diferan kalandriye toutotan li bay plis avantaj pase kalandriye akizisyon sa yo. (Nan yon plan balans lajan kach, anplwaye yo fè akizisyon yon kotizasyon antrepriz y ap travay ladan l lan apre 3 lane, sa ki pa fèt menm jan ak majorite plan avantaj defini yo.)

Nan yon plan kotizasyon defini tankou yon plan 401(k), ou toujou genyen 100% akizisyon nan pwòp kotizasyon pa w epi nan nenpòt benefis ou fè apre sa a nan kotizasyon w yo. Sepandan, nan majorite plan kotizasyon defini yo, ou kapab gen obligasyon pou w travay pandan plizyè ane anvan w vin gen akizisyon nan kotizasyon siplemantè antrepriz ki ba w travay la. (Genyen eksepsyon, tankou SIMPLE 401(k) an ak safe harbor 401(k) an, ki pèmèt ou fè akizisyon tousuit nan tout kotizasyon antrepriz la gen pou l fè yo. Ou pa gen pou w fè akizisyon tousuit tou nan SIMPLE IRA an ak SEP an.)

Aktyèlman la a, antrepriz yo gen chwa de (2) kalandriye akizisyon diferan pou kontribisyon 401(k) siplemantè antrepriz yo, ki afiche nan Tablo 2. Antrepriz w ap travay ladan l lan kapab itilize yon kalandriye akizisyon an blòk kote anplwaye yo ap fè akizisyon a 100% nan kotizasyon antrepriz lan apre 3 lane sèvis. Nan kad yon kalandriye akizisyon gradye, yon anplwaye dwe genyen omwen 20% akizisyon apre 2 lane, 40% apre 3 lane, 60% apre 4 lane, 80% apre 5 lane epi 100% apre 6 lane. Si plan 401(k) a enskripsyon otomatik ou an mande pou genyen kotizasyon antrepriz lan ki fèt, ou ap fè akizisyon kotizasyon sa yo apre 2 lane. Plan 401(k) ak enskripsyon otomatik ki gen kotizasyon siplemantè opsyonèl yo suiv youn nan kalandriye akizisyon ki dekri pi wo yo.

Antrepriz ki fè lòt kotizasyon nan plan kotizasyon defini yo, tankou yon plan 401(k), kapab chwazi tou ant kalandriye akizisyon gradye oswa an blòk la. Pou kotizasyon sa ki fèt depi lane 2007 yo, yo kapab chwazi pami kalandriye ki nan Tablo 2 yo. Pou kotizasyon ki te fèt anvan ane 2007 yo, yo kapab chwazi pami kalandriye ki afiche nan Tablo 3 yo.

Ou kapab pèdi kèk nan avantaj antrepriz ou an ofri w te resevwa yo si ou kite travay ou an anvan ou travay ase lontan pou w kapab fè akizisyon. Sepandan, yon fwa ou fin fè akizisyon, ou genyen dwa pou w resevwa pati avantaj ou fè akizisyon an menm si ou kite travay lan anvan moman retrèt lan. Men menm si ou genyen dwa ak kèk avantaj, valè kont ou an nan plan kotizasyon defini w lan kapab bese poutèt pèfòmans envestisman an ki bese apre w fin kite travay ou an.

Nòt

Si ou kite konpayi w lan epi w retounen, ou kapab vin gen aksè pou w mete peryòd travay ou an nan kalkil ane sèvis ki nesesè pou fè akizisyon avantaj antrepriz la ofri yo. Sof si poz ou pran nan travay ou anndan konpayi an ta 5 lane oswa yon kantite tan ki egal ak kantite tan w fè ap travay anvan poz la, kèlkeswa sa k pi long lan, ou kapab plizoumwen konte tan sa ki pase anvan poz ou te pran an. Paske règ sa yo presi anpil, ou ta dwe li dokiman plan w lan byen si ou ap panse pran yon poz akoutèm nan antrepriz w ap travay la, epi pale sou sa ak administratè plan w lan. Si ou te kite travay la anvan 1ye Janvye 1985, gen règ diferan ki ap aplike ak sa a. Pou plis enfòmasyon, kontakte Ministè Travay oswa rele l gratis nan 1-866-444-3272.

Pou inite Rezèv ak Gad Nasyonal yo ki nan sèvis militè yo, Lwa sou Dwa pou Anplwa ak Reyanplwa Sèvis ak Inifòm yo (the Uniformed Services Employment and Reemployment Rights Act, USERRA) egzije peryòd sèvis militè an dwe konte antanke sèvis ki garanti ak antrepriz ki bay travay la pou kalifikasyon, akizisyon, ak akimilasyon avantaj. Y ap trete manm ki ap retounen nan sèvis yo kòm si yo te toujou rete ap travay kèlkeswa kalite plan retrèt antrepriz lan adopte. Sepandan, yon moun ki retounen nan travay li genyen dwa ak avantaj akimile ki se rezilta kotizasyon anplwaye yo sèlman nan nivo kote se li ki te fè kotizasyon nan plan an.

Règ pou Akizisyon yo

Jeneralman, yon antrepriz dwe konte ane travay ou yo pou kredi akizisyon apati dat ou kòmanse ap travay la. Gen de (2) eksepsyon ki prevwa antrepriz ki ba w travay la kapab kòmanse konte ane travay ou yo ak premye ane plan an apre (1) 18yèm anivèsè ou si ou te gen mwens pase 18 lane lè w te kòmanse travay nan antrepriz la, epi (2) dat ou kòmanse kotize nan plan 401(k) si ou chwazi pa kotize lè ou te premye kalifye a.

Plan yo kapab bay anplwaye yo dwa pou yo jwenn avantaj antrepriz lan finanse pi bonè pase lè ki te prevwa nan tablo ki pi ba yo.

Egzijans Minimòm pou Akizisyon dapre ERISA
Kotizasyon Antrepriz ki bay travay la
(Itilize Tablo an Selon Dat ou Te Kite Antrepriz ou T ap Travay Ladan l Lan)

Tablo 2 an ki pi ba an montre kalandriye akizisyon aktyèl yo, apati 2002, pou kotizasyon antrepriz la pou plan 401(k), epi pou lòt kotizasyon antrepriz la nan yon plan kotizasyon defini apati ane 2007.

Tablo 2
Dat Antre An Vigè 1ye Janvye 2002 - Jodi a - pou Kotizasyon nan plan 401(k) yo
Dat Antre An Vigè 1ye Janvye 2007 - Jodi a - pou Lòt Kotizasyon Antrepriz lan nan Plan Kotizasyon Defini yo
Akizisyon Gradye
Ane Travay Pousantaj ki pa Kalifye
2 20%
3 40%
4 60%
5 80%
6 100%
Akizisyon an Blòk
Mwens pase 3 lane travay 0% Akizisyon
Omwen 3 lane travay 100% Akizisyon

Tablo 3 an se pou anplwaye ki nan yon plan avantaj defini yo. Li disponib tou pou anplwaye ki resevwa lòt kotizasyon antrepriz y ap travay ladan l lan anndan yon plan kotizasyon defini depi anvan 2007*, antrepriz ki ap fè kotizasyon nan plan 401(k) depi anvan 2002, ak anplwaye ki nan yon plan kotizasyon defini ki kite antrepriz yo t ap travay ladan l lan anvan dat 31 Desanm 1998.

*Si plan w lan depase limit lan, se Tablo 2 an ki ap aplike.

Tablo 3
Dat Antre An Vigè 1ye Janvye 1989 - Jodi a* - pou Kotizasyon Antrepriz pou Plan Avantaj Defini
Dat Antre An Vigè 1ye Janvye 1989 - 2007 - pou Lòt Kotizasyon Antrepriz pou Plan Kotizasyon Defini
Dat Antre An Vigè 1ye Janvye 1989 - 2002 - Kotizasyon Antrepriz nan Plan 401(k)
Akizisyon Gradye
Ane Travay Pousantaj ki pa Kalifye
3 20%
4 40%
5 60%
6 80%
7 100%
Akizisyon an Blòk
Mwens pase 5 lane travay 0% Akizisyon
Omwen 5 lane travay 100% Akizisyon

Tablo 4 la se pou anplwaye ki te kite antrepriz y ap travay ladan l lan anvan 1989.

Tablo 4: Dat Antre An Vigè - 31 Desanm 1988** - pou tout Kotizasyon Antrepriz nan Plan Avantaj Defini ak Plan Kotizasyon Defini yo
Akizisyon Gradye
Ane Travay Pousantaj ki pa Kalifye
5 25%
6 30%
7 35%
8 40%
9 45%
10 50%
11 60%
12 70%
13 80%
14 90%
15 100%
Akizisyon an Blòk
Mwens pase 10 lane travay 0% Akizisyon
Omwen 10 lane travay 100% Akizisyon

Règ 45 lan - Si laj yon anplwaye ak total ane travay li an egal a 45, epi anplwaye an genyen omwen 5 lane sèvis, ebyen 50% nan avantaj yo dwe antre nan akizisyon, ak omwen 10% akizisyon pou chak ane apresa.

Nòt

Pou plan ki soumèt ak konvansyon kolektif yo, dat li vin anplas (antre an vigè) an se premye dat dènye konvansyon kolektif ki kenbe plan an an fonksyon ap fini an oswa --

* 1ye Janvye 1999
** 1ye Janvye 1989

Eleman Mezi yo

  • Chèche konnen si ou anba pwoteksyon yon plan antrepriz lan.
  • Chèche konnen apati kilè w kapab kòmanse patisipe ladan l epi/oswa fè kotizasyon nan plan retrèt w lan apre ou kòmanse travay pou yon konpayi.
  • Jwenn yon Deskripsyon Rezime Plan.
  • Revize dokiman plan w lan oswa Deskripsyon Rezime Plan w lan pou w kapab konprann kijan ou ap resevwa avantaj nan plan w lan.
  • Chèche kalandriye akizisyon plan w lan pou w kapab verifye lè w gen dwa pou w fè akizisyon. Si ou ap panse chanje travay, verifye plan ou an pou w wè si w rete travay plis tan toujou ap pèmèt ou fè plis akizisyon nan kotizasyon antrepriz ou ap travay ladan l lan.

Chapit 3: Enfòmasyon sou Plan ou Dwe Verifye yo

Si ou genyen yon kesyon konsènan plan retrèt w lan, ou kapab kòmanse chèche yon repons nan enfòmasyon plan an mete disponib yo. Ou kapab mande administratè plan ou an enfòmasyon sa a. Li se moun ki gen responsabilite pou l jere plan an. Antrepriz w ap travay ladan l lan kapab di w kijan pou kontakte administratè plan w lan.

Enfòmasyon Plan Retrèt an Ofri

Chak plan retrèt dwe gen yon dokiman plan ki detaye kijan li fonksyone ak egzijans li yo. Jan sa a di anvan sa a, genyen yon ti liv ki dekri règ prensipal plan yo epi ki pote non Deskripsyon Rezime Plan (Summary Plan Description, SPD) ki ta dwe pi fasil pou li ak konprann. SPD an ta dwe genyen ladan l yon rezime nenpòt modifikasyon materyèl ki fèt nan plan an oswa nan enfòmasyon ki ta dwe anndan SPD an. Ou kapab kòmanse ak SPD an epi apresa gade nan dokiman plan an si ou toujou gen kesyon.

Epi tou, plan yo dwe voye yon kantite avi ba w. Yo dekri kèk nan avi prensipal yo anndan Tablo 5 la.

Pa egzanp, plan kotizasyon defini yo, tankou plan 401(k) yo jeneralman dwe voye avi alavans bay anplwaye yo lè gen yon "peryòd entèdiksyon". Yon peryòd entèdiksyon se peryòd yo sispann dwa yon patisipan genyen pou l dirije envestisman, fè prè, oswa resevwa alokasyon pou yon peryòd omwen twa jou youn dèyè lòt. Peryòd entèdiksyon yo souvan rive lè plan yo chanje ajan kontab yo oswa opsyon envestisman yo.

Kèk enfòmasyon plan, tankou Deskripsyon Rezime Plan, dwe disponib pou ou yon fason otomatik epi gratis nan moman ki afiche pi ba yo. Ou kapab fè demann yon Deskripsyon Rezime Plan lòt lè, men antrepriz w ap travay ladan l lan kapab mande w peye yon frè pou fè kopi li. Ou dwe mande moun ki ap jere plan an si ou vle lòt enfòmasyon, tankou yon kopi dokiman plan alekri an oswa rapò finansye anyèl Fòm 5500 plan an, epi sa kapab rive ou gen pou w peye yon frè kopi. Ale gade Tablo 5 la ak Tablo 6 la. Plizyè antrepriz bay enfòmasyon sou avantaj yo sou sit entènèt yo.

Rapò finansye anyèl Fòmilè 5500 plan an disponib tou. Ou kapab jwenn rapò an sou entènèt nan oswa lè w kontakte U.S. Department of Labor, EBSA Public Disclosure Facility, Room N-1515, 200 Constitution Avenue, NW, Washington, D.C. 20210, telefòn: (202) 693-8673. Gen yon frè pou kopi y ap mande w si rapò an depase 100 paj. Antanke yon patisipan ki anba pwoteksyon plan an, si administratè plan an pa ba w yon kopi Deskripsyon Rezime Plan an yon fason otomatik oswa apre ou mande l li, ou kapab kontakte Ministè Travay la sou entènèt oswa pandan w ap rele gratis nan 1-866-444-3272 pou jwenn èd.

Tablo 5: Enfòmasyon Enpòtan Admininstratè Plan w lan dwe Ba w Otomatikman
Kisa Deskripsyon Kilè
Deskripsyon Rezime Plan (Summary Plan Description, SPD) Yon vèsyon rezime dokiman plan an ak lòt enfòmasyon enpòtan pou plan an, nan yon langaj ki fasil pou moun konprann. Nan yon espas 90 jou apre w kòmanse patisipe nan plan an; epi
Yon kopi ajou chak 10 lane (5 lane si plan vin gen modifikasyon).
Avi Enskripsyon Otomatik Yon deskripsyon pwosesis enskripsyon otomatik la, pousantaj salè ki ap transfere an, envestisman pa defo ki itilize pou kotizasyon otomatik yo, dwa ou genyen pou w kite plan an. dwa ou genyen pou chanje pousantaj ki ap transfere an ak envestisman yo, epi fason pou jwenn enfòmasyon sou lòt envestisman nan plan an. Jeneralman, omwen 30 jou anvan ou vin kalifye pou patisipe; epi
omwen 30 jou anvan kòmansman chak ane ki vin apre sa a.
Relve Avantaj Endividyèl Yon relve ki bay enfòmasyon sou balans kont ou ak avantaj ou fè akizisyon yo. Sa depann kalite plan ou genyen an, relve an kapab genyen ladan li tou valè envestisman nan kont ou an ak enfòmasyon ki dekri dwa ou genyen pou dirije envestisman. Omwen chak twa mwa pou plan kotizasyon defini ki anba kontwòl patisipan yo;
Omwen chak ane pou plan kotizasyon defini ki pa anba kontwòl patisipan yo; oswa
Omwen 3 lane pou plan avantaj defini yo.
Avi sou Finansman Anyèl Enfòmasyon debaz konsènan estati ak kondisyon finansye plan retrèt ak avantaj defini an, ansanm ak pousantaj finansman plan an; aktif ak pasif; enfòmasyon demografik patisipan an; politik finansman; estati andanje, grav, oswa estati grav epi an bès; yon deskripsyon avantaj PBGC an garanti. Jeneralman, nan yon espas 120 jou apre fen ane plan an.
Enfòmasyon sou Plan an ak Envestisman yo pou Plan Ki sou Kont Patisipan yo Enfòmasyon sou Plan an ak Envestisman, tankou enfòmasyon sou frè ak depans, pou patisipan yo kapab pran desizyon ki enfòme pou jere kont endividyèl yo. Enfòmasyon sou envestisman an dwe disponib nan yon fòma, tankou yon tablo, ki bay mwayen pou fè konparezon sou opsyon envestisman plan yo. Anvan yon patisipan kapab dirije envestisman pou premye fwa;
Omwen chak ane apresa; epi
Omwen chak twa mwa pou frè ak depans ki peye deja.
Rezime sou Modifikasyon Materyèl yo Yon rezime chanjman enpòtan nan plan yo oswa chanjman nan enfòmasyon ki obligatwa nan Deskripsyon Rezime Plan an. Nan espas 7 mwa anvan fen ane plan chanjman yo te fèt ladan l lan.
Rezime Rapò Anyèl Yon rezime enfòmasyon finansye plan an depoze nan Fòmilè 5500 Rapò Anyèl li an. Si plan w lan ofri yon avi finansman anyèl, li pa obligatwa pou soumèt rapò sa a. Nan yon espas 9 mwa apre fen ane plan an oswa 2 mwa apre dat limit pou soumèt rapò anyèl la.
Avi Rediksyon Konsiderab nan Akimilasyon Avantaj Alavni Avi pou nenpòt rediksyon nan pousantaj akimilasyon avantaj alavni yo, oswa eliminasyon oswa rediksyon konsiderab nan yon avantaj retrèt alavans oswa yon sibvansyon kategori retrèt. Aplike ak plan avantaj defini yo epi kèk plan kotizasyon defini. Omwen 45 jou anvan dat antre anvigè amandman plan an.
Avi Entèdiksyon Avi sou yon peryòd plis pase 3 jou youn dèyè lòt lè genyen yon sisretrèt, limitasyon, oswa restriksyon tanporè sou kapasite pou dirije oswa divèsifye aktif plan yo, jwenn prè, oswa resevwa alokasyon. Aplike ak majorite plan 401(k) oswa lòt plan kont endividyèl. Jeneralman, omwen 30 jou anvan dat entèdiksyon an.
Avi pou Patisipan Plan ki Pa Finanse yo Pou plan avantaj defini ki finanse a mwens pase 80% yo, avi sou nivo finansman plan an ak enfòmasyon sou garanti PBGC yo. Nan espas 2 mwa apre dat limit pou soumèt rapò anyèl la.
Avi sou Estati Grav oswa An Danje Avi ki fè konnen yon plan avantaj pou retrèt ki gen plizyè antrepriz nan yon estati grav oswa andanje poutèt finansman oswa pwoblèm likidite. Avi an dwe genyen ladan li yon esplikasyon posibilite pou gen rediksyon sou kèk avantaj ajistab. Pa pi plis pase 30 jou apre sètifikasyon anyèl aktyè plan an, si aktyè an sètifye plan an nan yon estati grav oswa andanje.

Administratè plan w lan kapab ba w enfòmasyon sa a sou papye oswa nan yon fòma elektwonik. Si se nan fòma elektwonik yo ba w li, administratè plan w lan kapab swa piblisye kominikasyon yo sou yon sit entènèt plan an oswa voye l ba w nan imèl, apre li fin fè w konnen l ap fè w jwenn kominikasyon sa yo sou fòma elektwonik. Si ou resevwa kominikasyon sou fòma elektwonik, genyen plizyè pwoteksyon pou ou dapre sa lalwa di, sa ki vle di tou, ou genyen dwa pou fè demann kopi an papye oswa ou kapab dezabòne ak sèvis resepsyon kominikasyon sou fòma elektwonik yo. Administratè plan w lan ap bezwen tou pou li pran etap yo nan yon fason rezonab nan objektif pou pwoteje konfidansyalite enfòmasyon pèsonèl ou yo sou entènèt.

Tablo 6: Enfòmasyon Enpòtan Administratè Plan w lan Dwe Bay Lè Gen Demann Ki Fèt Alekri
Kisa Deskripsyon Pri
Dokiman Plan yo Dokiman ki montre kondisyon plan yo, tankou konvansyon kolektif yo ak akò fidisi yo. Frè pou kopi ki rezonab
Rapò Anyèl (Fòmilè 5500) - rapò ki pi resan Enfòmasyon finansye konsènan plan an majorite plan yo dwe soumèt bay gouvènman an nan espas 7 mwa anvan fen ane plan an. Frè pou kopi ki rezonab

Ki enfòmasyon sou plan an ou dwe verifye regilyèman?

Si ou nan yon plan avantaj defini, ou ap resevwa yon relve avantaj endividyèl yon fwa chak 3 lane. Verifye deskripsyon total avantaj ou te resevwa yo epi verifye si ou fè akizisyon tout avantaj sa yo. Epitou, verifye pou w asire w dat nesans ou, dat ou te kòmanse travay la, ak lòt enfòmasyon ki la yo kòrèk. Ou pral resevwa yon avi anyèl sou estati finansman plan an tou.

Plan kotizasyon defini yo, ansanm ak plan 401(k) yo, dwe voye relve avantaj endividyèl bay patisipan yo swa chak twa mwa, si se patisipan yo ki ap dirije envestisman kont yo, oswa chak ane, si se pa yo k ap fè l. Lè ou resevwa yon relve, verifye li pou w kapab asire w tout enfòmasyon yo kòrèk. Enfòmasyon sa yo kapab se:

  • Nivo salè
  • Kantite ou menm ak antrepriz w ap travay ladan l lan te kotize
  • Ane sèvis ak antrepriz la
  • Adrès Domisil
  • Nimewo Sekirite Sosyal
  • Deziyasyon benefisyè
  • Estati Sivil
  • Pèfòmans envestisman w yo
  • Frè plan an peye yo ak/oswa sa yo fè patisipan yo peye yo. (Pou plis enfòmasyon, kontakte nou oswa rele nimewo nou nan 1-866-444-3272 gratis pou mande nou ti liv A Look at 401(k) Plan Fees.) Verifye nan plan w lan pou w wè si enfòmasyon sa a nan dokiman yo nan opsyon envestisman w genyen yo, relve avantaj la, Deskripsyon Rezime Plan an oswa Rapò Anyèl Fòmilè 5500 plan an. Ale gade nan Chapit 7 la pou jwenn plis enfòmasyon sou frè antrepriz w ap travay ladan l lan kapab pran sou kont ou.
  • De (2) ilistrasyon balans kont ou an sou fòm vèsman chak mwa ki estime pou tout lavi (sou fòm yon retrèt pou tout lavi senp epi yon retrèt pou sivivan ak konjwen ki kalifye) ki disponib chak ane.

Eleman Mezi yo

  • Asire w ou resevwa Deskripsyon Rezime Plan an epi li l pou jwenn plis enfòmasyon sou kijan plan an fonksyone.
  • Li lòt dokiman ou resevwa gras ak plan w lan pou w kapab asire w ou adapte w ak nenpòt chanjman nan plan an, epi verifye enfòmasyon an ki sou relve avantaj ou an kòrèk.
  • Si ou nan yon plan kotizasyon ki defini, mande enfòmasyon sou chwa envestisman ki disponib nan plan an, epi chèche jwenn kilè epi kijan ou kapab chanje envestisman sou kont plan w lan.
  • Si ou nan yon plan kotizasyon defini, itilize sa balans kont ou an montre w lan antanke peman chak mwa nan retrèt an pou ede w prepare w pou retrèt.
  • Si ou sispèk gen erè nan enfòmasyon plan w lan, kontakte adminsitratè plan w lan oswa depatman resouzimèn lan.
  • Si te gen chanjaman nan enfòmasyon pèsonèl ou, tankou maryaj, divòs, oswa chanjman nan adrès, kontakte administratè plan w lan oswa depatman resouzimèn lan. Mete dokiman w yo nan yon espas ki sekirize si toutfwa yo ap vin poze w kesyon sou sa alavni.
  • Redui risk sibèsekirite ki gen nan fwod oswa posibilite pou w pèdi kont retrèt w lan pandan w ap suiv kèk etap debaz, tankou: toujou sipèvize kont sou entènèt ou an; itilize modpas ki djanm epi inik; kenbe enfòmasyon kont pèsonèl ou yo ajou; toujou ap siveye atak pirataj yo; epi konnen kijan pou w siyale nenpòt sitiyasyon sibèsekirite ki rive. Pou plis konsèy sou sekirite, ale sou entènèt.

Chapit 4: Peman Avantaj yo

Yon fwa ou konprann ki kategori plan ou genyen, fason ou resevwa avantaj yo, epi konbyen avantaj ou yo ap ye, li enpòtan pou w konnen kilè epi kòman ou kapab resevwa yo.

Kilè w kapab kòmanse resevwa avantaj retrèt yo?

Gen plizyè pwen pou w sonje lè w ap detèmine kilè w kapab resevwa avantaj:

  1. Lwa federal lan bay direktiv, ki afiche nan Tablo 7 la pi ba a, pou lè plan yo dwe kòmanse peye avantaj retrèt yo.
  2. Plan yo kapab chwazi peye avantaj yo anvan sa a. Dokiman plan yo pral fè konnen kilè w kapab kòmanse resevwa peman atravè plan w lan.
  3. Ou dwe fè yon reklamasyon avantaj pou peman w yo kapab kòmanse. Sa ap pran kèk tan pou rezon administratif. (Ale gade nan Chapit 6 la.)
Tablo 7: Egzijans Dapre Lwa Federal pou Peman Avantaj Retrèt yo
Dapre lwa federal, plan ou an dwe pèmèt ou kòmanse resevwa avantaj*
Dat ki pi resan nan de dat sa yo -- Oswa - Oswa -
Laj 65 lane oswa laj plan w lan konsidere ki laj nòmal pou retrèt an (si l rive anvan sa a) 10 lane sèvis Sispann travay nan antrepriz ki ba w travay la

*Pou rezon administratif, avantaj pa kòmanse imedyatman apre w fin reponn ak egzijans sa yo. Nan yon minimòm, plan w lan dwe ofri w opsyon pou kòmanse resevwa avantaj nan yon espas 60 jou apre fen ane plan ou reponn ak egzijans pou li an. Epitou, ou ap bezwen fè yon reklamasyon dapre pwosedi plan w lan. (Ale gade nan Chapit 6 la.)

Nan kèk sikonstans, yo kapab kanpe peman avantaj ou yo si ou kontinye travay apre laj nòmal pou retrèt an. Plan an dwe fè w konnen lè l ap kanpe peman avantaj yo pandan premye mwa sivil la oswa nan premye peryòd pewòl li kenbe peman yo ladan l lan. Enfòmasyon sa a ta dwe anndan Deskripsyon Rezime Plan an. Yon plan dwe fè w konnen ki pwosedi li genyen pou fè demann yon detèminasyon annavans pou konn si yon kategori reyanplwa an patikilye ta dwe lakòz gen yon sisretrèt nan peman avantaj yo. Si ou se yon moun ki dwe ale nan retrèt epi ou konsidere ale travay, ou kapab deside ekri administratè plan w lan epi mande li si avantaj ou yo ap dwe kanpe.

Tablo 7 la montre egzijans jeneral pou lè peman yo ap kòmanse. Pi ba an w ap jwenn yon lis kèk varyasyon ki otorize:

  • Menm lè plan avantaj defini yo ak plan fòmil acha yo jeneralman pèmèt ou resevwa avantaj sèlman lè ou rive nan laj retrèt pou plan an, gen kèk ki gen pwovizyon pou si w ta vle antre nan retrèt anvan lè.
  • Plan 401(k) yo souvan aksepte pou w resevwa balans kont ou an lè w kite travay ou.
  • Plan 401(k) yo kapab aksepte alokasyon fèt pandan w toujou ap travay si ou rive nan laj 59 lane ak 6 mwa oswa si ou vin gen yon difikilte.
  • Plan Pataj Pwofi yo kapab pèmèt ou resevwa avantaj akizisyon ou yo apre yon kantite espesifik ane oswa nenpòt lè w kite travay ou an.
  • Yon opsyon retrèt pwogresif bay anplwaye ki nan laj oswa ki pa twò lwen laj retrèt yo aksè pou yo redui travay yo a yon travay a tan pasyèl, resevwa avantaj, epi kontinye benefisye finansman adisyonèl.
  • ESOP yo pa gen pou yo peye okenn avantaj jiska yon lane apre ane plan ou deside pran retrèt ladan l lan, oswa jiska 6 lane pou pi plis si ou kite poutèt rezon ki pa retrèt, lanmò, oswa andikap.

Atansyon

  1. Ou kapab vin dwe taks sou revni aktyèl yo - ak posibilite pou penalite sou taks -- sou alokasyon w lan si ou retire lajan anvan laj 59 lane ak 6 mwa, sof si ou transfere li nan yon IRA oswa yon lòt plan retrèt ki kalifye pou taks.
  2. Lè w pran tout oswa yon pati nan fon ki nan kont ou an anvan laj retrèt an, sa vle di ou ap gen mwens avantaj retrèt.

Apati kilè ou kapab kòmanse resevwa peman pou avantaj ou yo?

Lwa federal yo tabli yon dat obligatwa ou dwe kòmanse resevwa avantaj retrèt w yo, menm si ou ta renmen rete tann pandan plis tan. Dat kòmansman obligatwa sa a jeneralman ap fikse nan dat 1ye Avril dapre ane sivil ou vin gen 72 lane an oswa, si se apre, lè ou antre nan retrèt. Sepandan, plan w lan ka mande pou w kòmanse resevwa alokasyon menm si w pa pran retrèt a laj 72 lane. Si ou rive nan laj 70 lane ak 6 mwa anvan 2020, ou kapab rive genyen yon alokasyon minimòm pou 2021 menm si ou poko genyen 72 lane.

Kijan peman avantaj ou yo pral fèt?

Si ou nan yon plan avantaj defini oswa nan yon plan fòmil acha, plan an dwe ofri w yon avantaj nan fòm yon retrèt pou tout lavi, ki vle di ou pral resevwa peman egal epi peryodik, souvan fwa antanke yon avantaj chak mwa, pandan tout rès lavi w. Plan avantaj defini ak plan fòmil acha yo kapab ofri lòt opsyon peman, kidonk verifye sa ak responsab plan an. Si ou nan yon plan kotizasyon defini (ki pa yon plan fòmil acha), plan an kapab peye avantaj ou yo nan yon sèl peman global epi li kapab ofri lòt opsyon, tankou peman sou yon peryòd byen tabli (tankou 5 oswa 10 lane) oswa yon retrèt ki gen peman chak mwa pandan tout lavi w.

Si ou ap kite antrepriz w ap travay ladan l lan anvan laj retrèt an, ale nan pwochen chapit la.

Èske yon avantaj kapab kontinye pou konjwen ou si se ou ki mouri anvan?

Nan yon plan kotizasyon defini oswa yon plan fòmil acha, sof si ou menm oswa konjwen w lan ta chwazi sa ki kontrè an, fòm peman an an ap genyen ladan li yon avantaj pou sivivan. Avantaj pou sivivan an, ki pote non yon retrèt kalifye pou sivivan (qualified joint and survivor annuity, QJSA), pral fè peman pandan tout lavi w ak lavi konjwen ou an. Peman avantaj konjwen w ki poko mouri ap resevwa an dwe reprezante omwen mwatye peman avantaj ou te resevwa pandan tan nou fè ap viv ansanm lan. Pandan avantaj pou sivivan an jeneralman se 50%, gen kèk plan ki bay lòt opsyon, tankou 75%. Sonje peman avantaj chak mwa ou an pral redui poutèt peman avantaj yo pral kontinye pou tout tan konjwen w lan ap viv si ou mouri.

Si ou chwazi pou pa resevwa avantaj pou sivivan an, ou pral resevwa avantaj yo pandan tout lavi w sèlman. Ou dwe suiv prensip espesifik yo pou w kapab renonse ak avantaj pou sivivan an. Ou menm ak konjwen w dwe resevwa yon esplikasyon alekri sou retrèt kalifye pou sivivan an. Nan kèk espas limit tan, ou dwe prepare yon renonsyasyon alekri epi konjwen ou an dwe siyen yon renonsyasyon alekri bay lòt fòm peman san yon avantaj pou sivivan, ki deklare nou toude konprann peman avantaj yo ap fini yon fwa nou toude mouri. Yon notè oswa reprezantan plan an dwe la antanke yon temwen nan moman konjwen w la ap siyen.

Nan majorite plan 401(k) yo ak lòt plan kotizasyon defini yo, plan an ekri pou diferan pwoteksyon kapab aplike ak konjwen ki toujou ap viv yo. Nan majorite plan kotizasyon yo, si ou mouri anvan ou resevwa avantaj ou yo, y ap ale dirèkteman nan men konjwen w lan ki toujou vivan an. Si ou swete chwazi yon benefisyè ki diferan, konjwen w lan dwe bay konsantman l pandan l ap siyen yon renonsyasyon, epi ap gen yon notè oswa yon reprezantan plan an ap la antanke temwen.

Si ou te selibatè nan moman ou te enskri nan plan an epi apresa ou vin marye, li enpòtan pou w fè responsab antrepriz w ap travay ladan l lan ak/oswa administratè plan w lan konnen sa a epi chanje estati w nan kad plan an. Si ou pa genyen konjwen, li enpòtan pou ou chwazi yon benefisyè.

Si ou menm oswa konjwen w lan te kite travay nou anvan dat 1ye Janvye 1985, gen diferan règ k ap aplike. Pou plis enfòmasyon sou règ sa yo, kontakte Ministè Travay la oswa pandan w ap rele gratis nan 1-866-444-3272.

Èske w kapab fè prè lajan sou kont plan 401(k) w lan?

Plan 401(k) yo kapab - men yo pa oblije - ofri opòtinite prè bay patisipan yo. Prè an dwe pran yon to enterè ki rezonab epi li dwe garanti nan yon fason ki apwopriye. Plan dwe genyen ladan li yon pwosedi pou aplike pou prè ak règleman plan an pou bay yo. Montan prè yo limite ak 50% balans kont ou an oswa $50,000 epi yo dwe repeye nan yon espas 5 lane (sof si prè an te itilize pou yon rezidans prensipal).

Èske w kapab jwenn yon alokasyon nan plan w lan si ou poko gen 65 lane oswa si w poko gen laj nòmal pou retrèt plan w lan men w ap viv yon sitiyasyon finansye ki mal anpil?

Yon lòt fwa ankò, plan kotizasyon defini yo kapab - men yo gen obligasyon pou - bay alokasyon nan ka kote gen sitiyasyon difikilte. Verifye ti liv plan w lan pou w kapab wè si plan w lan bay otorizasyon pou yo epi nan ki sikonstans li konn bay yo.

Eleman Mezi yo

  • Chèche konnen kilè epi kijan ou kapab resevwa avantaj ou yo nan moman retrèt an.
  • Ranpli fòmilè nesesè yo pou mete enfòmasyon yo ajou sou plan retrèt w lan.
  • Fè responsab plan retrèt an konnen nenpòt chanjman w ap fè nan adrès oswa estati sivil.
  • Konsève tout dokiman yo nan rejis ou, ansanm ak Deskripsyon Rezime Plan yo, nòt konpayi yo, ak relve avantaj endividyèl yo.
  • Pou w kapab jwenn enfòmasyon sou taks, ale gade Piblikasyon 575 sou Sèvis Revni Entèn lan (Pension and Annuity Income) pandan w prale.

Chapit 5: Opsyon Ale ak Avantaj Retrèt ou Yo

Si ou kite yon antrepriz w ap travay ladan l anvan w rive nan laj retrèt an, aksè pou w pran avantaj ou yo epi/oswa transfere yo nan yon lòt plan oswa kont kalifye pou taks pral depann ki kalite plan ou ladan l.

Si ou kite travay lan anvan retrèt w eskè w kapab ale ak avantaj retrèt w yo?

Si ou nan yon plan avantaj defini (ki pa yon plan balans lajan kach), li posib pou w oblije ale kite avantaj yo nan plan retrèt an jiskaske w vin kalifye pou w resevwa yo. Kidonk, li vreman enpòtan pou ou mete enfòmasyon pèsonèl ou yo ajou ansanm ak administratè plan an regilyèman epi toujou fè chanjman pou mizajou nan pwopriyete oswa adrès ansyen antrepriz w ta p travay ladan l lan.

Si ou nan yon plan balans lajan kach, li posib pou w vin gen opsyon pou transfere omwen yon pati nan balans ki sou kont ou an nan yon kont retrèt endividyèl oswa nan yon nouvo plan antrepriz.

Si ou nan yon plan kotizayson defini (tankou yon plan 401(k)) epi ou kite antrepriz w ap travay ladan l lan anvan laj retrèt an, nan majorite ka yo ou pa kapab retire epi transfere balans kont ou an ki nan plan antrepriz sa a.

Ki chwa ki disponib pou ou si w vle resevwa avantaj kotizasyon defini yo?

  • Yon montan global - ou kapab chwazi resevwa avantaj ou yo antanke yon peman inik plan w lan ap fè, sa ki pral likide kont ou an. Ou kapab bezwen peye taks sou revni nan kantite w ap resevwa a, epi li posib pou w peye yon penalite.
  • Yon transfè nan yon lòt plan retrèt - ou kapab mande responsab antrepriz w ap travay ladan l lan pou l transfere balans kont ou an dirèkteman sou plan nouvo antrepriz ou pral travay ladan l lan si toutfwa li aksepte kalite transfè sa yo.
  • Yon transfè nan yon IRA - ou kapab mande responsab kote w ap travay la pou l transfere balans kont ou an dirèkteman nan yon kont retrèt endividyèl (individual retirement account, IRA).
  • Si balans kont ou an mwens pase $5,000 lè ou kite antrepriz w ap travay la, plan an kapab fè yon alokasyon imedya san konsantman w. Si alokasyon sa a plis pase $1,000, plan an ta dwe transfere fon yo otomatikman nan yon IRA li chwazi, sof si ou deside resevwa yon montan global oswa transfere l nan yon IRA ou chwazi. Plan an dwe voye yon avi ba w ki ba w otorizasyon pou fè lòt aranjman, epi li dwe suiv prensip ki gen pou wè ak kalite IRA ki kapab itilize (egzanp, li pa kapab konbine alokasyon an ak ekonomi ou te depoze dirèkteman nan yon IRA yo). Transfè yo dwe fèt nan yon antite ki kalifye pou ofri plan retrèt endividyèl. Epitou, IRA k ap resevwa transfè an dwe genyen envestisman ki fèt pou konsève manman lajan an. Responsab IRA an pa kapab pran plis frè ak depans pou plan sa yo pase sa li ta p fè pou lòt kliyan plan retrèt endividyèl yo.

Tanpri sonje: Si ou chwazi yon peman global epi ou pa transfere lajan an nan yon lòt kont retrèt (plan antrepriz la ofri w oswa IRA ki pa yon Roth IRA), ou pral dwe yon penalite fiskal si ou gen mwens pase 59 lane ak 6 mwa epi si w pa reponn ak kèk egzijans. Epitou, ou kapab genyen mwens fon pou w viv pandan retrèt w lan. Lè w transfere balans kont plan retrèt w lan nan yon lòt plan oswa nan yon IRA lè ou kite travay ou, sa pral pwoteje enterè fiskal kont ou yo epi konsève avantaj yo pou moman retrèt an.

Sa k ap rive si ou kite yon travay epi apresa ou tounen ladan l?

Si ou kite yon antrepriz ou te travay pandan plizyè ane ladan l epi apresa ou tounen, ou ap kapab mete kantite ane premye peryòd travay ou an nan kalkil akizisyon an. Jeneralman, yon plan dwe konsève kredi sèvis ou te akimile an si ou kite antrepriz w ap travay ladan l lan epi retounen ladan l apre senk lane. Kredi sèvis la se kantite ane sèvis ki antre nan kalkil akizisyon an. Paske règ sa yo vreman espesifik, ou ta byen dwe li dokiman plan ou an si ou ap panse pran yon poz akoutèm nan antrepriz w ap travay ladan l lan, epi apresa fè yon ti pale sou sa ak administratè plan w lan. Si ou te kite travay ou anvan dat 1ye Janvye 1985, gen règ ki diferan k ap aplike.

Si ou pran retrèt epi apresa ou ale travay pou yon ansyen antrepriz, ou dwe kapab kontinye akimile plis avantaj, sa ki ap fèt nan kad yon limit plan an ap mete sou kantite total ane sèvis ki kredite nan kad plan an.

Eleman Mezi yo

  • Si ou kite yon antrepriz anvan moman retrèt w, chèche konnen si w kapab transfere avantaj ou yo nan yon nouvo plan oswa nan yon IRA.
  • Si ou kite avantaj ou yo nan plan ansyen antrepriz ou t ap travay la, toujou fè mizajou nan enfòmasyon kontak ou yo ansanm ak ansyen antrepriz la, epi toujou chèche gen enfòmasyon kontak aktyèl antrepriz sa a.
  • Si w ap panse pran avantaj ou yo nan yon montan global, chèche konnen ki taks ak penalite ou pral dwe epi planifye sou kijan ou pral ranplase revni sa a nan moman retrèt an.

Chapit 6: Depoze yon Demann pou Avantaj

Lwa federal sou retrèt yo egzije tout plan yo gen yon pwosedi rezonab alekri pou trete reklamasyon avantaj ou yo epi konteste yo si reklamasyon w lan ta pran refi. Deskripsyon Rezime Plan (Summary Plan Description, SPD) lan ta dwe genyen ladan l pwosedi reklamasyon nan plan w lan. Souvan fwa, ou genyen pou w ranpli papye ki nesesè yo epi soumèt yo bay administratè plan an, epi li menm, li pral di w ki kantite avantaj w ap jwenn epi kilè y ap kòmanse.

Fè yon Reklamasyon epi Fè yon Kontestasyon

Si genyen yon pwoblèm oswa yon pale anpil pou konnen si w kalifye pou avantaj oswa sou ki kantite ou ta dwe resevwa, verifye pwosedi reklamasyon plan w yo. Lwa federal yo defini egzijans pwosedi reklamasyon ki pi ba yo:

  • Yon fwa ou depoze reklamasyon w lan, plan an kapab pran jiska 90 jou pou pran yon desizyon, oswa 180 jou si li fè w konnen li gen yon pwolongasyon.
  • Si plan an refize reklamasyon w lan, li dwe voye yo avi alekri ba w, ki genyen ladan l enfòmasyon espesifik sou rezon ki fè li refize reklamasyon w la epi sou kijan pou fè yon kontestasyon.
  • Ou genyen 60 jou pou fè demann yon verifikasyon konplè epi ekilibre pou reklamasyon w yo refize a, gras ak pwosedi kontestasyon reklamasyon plan w lan.
  • Plan an kapab pran jiska 60 jou pou verifye kontestasyon w lan, e li kapab menm pran 60 jou si li fè w konnen l ap bezwen yon pwolongasyon. Plan an dwe voye yon avi alekri ki fè w konnen si kontestasyon an te aksepte oswa refize.
  • Si kontestasyon an pran refi, avi alekri an dwe di w poukisa sa pase konsa, dekri nenpòt nivo kontestasyon adisyonèl, epi fè w jwenn yon deklarasyon konsènan dwa w pou w chèche yon verifikasyon jidisyè pou desizyon plan an pran.

Si plan an refize kontestasyon w lan epi ou panse li pa respekte egzijans ERISA yo, ou kapab deside chèche konsèy jiridik. Ou kapab kontakte Ministè Travay la konsènan dwa w genyen selon ERISA oswa lè w rele gratis nan 1-866-444-3272.

Pou w kapab jwenn plis enfòmasyon sou pwosedi reklamasyon, ale nan piblikasyon Ministè Travay la Filing A Claim for Your Retirement Benefits. Pou w kapab jwenn yon kopi, kontakte Ministè Travay la oswa rele gratis nan 1-866-444-3272.

Eleman Mezi yo

  • Kontakte administratè plan w lan pou w kapab jwenn papye ki nesesè pou w kapab fè yon reklamasyon pou avantaj ou yo.
  • Kontakte Ministè Travay la (EBSA) oswa pandan w ap rele gratis nan 1-866-444-3272 si w genyen kesyon konsènan plan w lan oswa dwa w genyen dapre ERISA yo.

Chapit 7: Responsabilite Administratè Plan yo

Nan chak plan retrèt, genyen moun oswa gwoup moun ki itilize jijman pa yo oswa konpetans pa yo pou administre epi jere plan an oswa ki gen pouvwa pou oswa ki ap kontwole aktif plan yo. Moun sa yo oswa gwoup sa yo pote non administratè plan. Estati administratè an baze sou fonksyon moun lan pèfòme pou plan an, men se pa sèlman sou tit li.

Èske plan w lan oblije nome moun ki responsab pou jere plan an?

Yon plan dwe nome omwen yon administratè nan dokiman plan an, oswa atravè yon pwosesis ki dekri nan plan an. Administratè sa a pral genyen kontwòl sou jan plan an fonksyone an. Yo kapab idantifye administratè sa a gras ak biwo li oswa nan non li. Pou kèk plan, li kapab yon komite administratè oswa konsèy direktè konpayi an. Jeneralman, administratè yon plan kapab genyen ladan li administratè anchèf la, manadjè envestisman yo, ansanm ak administratè plan an. Administratè plan an jeneralman se pi bon opsyon ki genyen pou poze kesyon ou genyen konsènan plan an.

Ki responsabilite administratè plan yo genyen?

Administratè yo gen responsabilite ki enpòtan anpil epi yo gen pou yo respekte kèk estanda konduit paske y ap aji nan non patisipan plan yo. Responsabilite sa yo se:

  • Aji sèlman nan enterè patisipan plan yo ak benefisyè yo, nan sèl objektif pou ba yo avantaj yo;
  • Pran responsabilite yo ak konpetans, pridans epi pèseverans;
  • Suiv dokiman plan yo (sof si li pa antre nan respè ERISA);
  • Divèsifye envestiman plan yo;
  • Peye depans rezonab pou administrasyon plan an epi envesti aktif li yo; epi
  • Evite konfli enterè yo.

Administratè an responsab tou pou l chwazi founisè envestisman yo ak opsyon envestisman yo, epi sipèvize pèfòmans yo. Kèk plan, tankou majorite plan 401(k) yo oswa plan pataj pwofi yo, kapab tabli nan objektif pou pèmèt patisipan yo chwazi envestisman ki sou kont yo an (nan respè kèk opsyon envestisman plan an ofri yo). Si plan an tabli nan yon fason apwopriye pou bay patisipan yo aksè pou kontwole envestisman yo, ebyen administratè an pa gen okenn responsabilite sou do l si gen pèt poutèt desizyon patisipan an pran sou envestisman l yo. Prensip Ministè Travay la genyen yo bay direktiv pou asire patisipan yo gen ase enfòmasyon sou opsyon envestisman pou yo kapab pran desizyon ki enfòme yo. Enfòmasyon sa a genyen ladan l:

  • Yon deskripsyon chak opsyon envestisman, ansanm ak objektif envestisman yo, risk ki gen ladan yo, ak karakteristik randman yo;
  • Enfòmasyon sou nenpòt manadjè envestisman ki deziyen;
  • Yon esplikasyon sou kilè epi kijan pou mande chanjman nan envestisman yo, ansanm ak nenpòt restriksyon sou kilè ou kapab chanje envestisman;
  • Yon deklarasyon frè yo kapab pran sou kont ou an lè ou chanje opsyon envestisman oswa achte epi vann envestisman;
  • Non, adrès, ak nimewo telefòn administratè plan an oswa lòt moun ki deziyen pou bay kèk enfòmasyon adisyonèl sou demann; epi
  • Yon deklarasyon ki fè konnen plan an prevwa suiv règ ak prensip Ministè Travay la epi ki fè konnen administratè yo kapab pa gen responsabilite pote chay pèt ki se rezilta dirèk ak espesifik bagay yon patisipan mande pou fè ak envestisman yo.

Pou yon plan enskripsyon otomatik, tankou yon plan 401(k) a enskripsyon otomatik, administratè plan an chwazi envestisman pou kotizasyon otomatik anplwaye yo si anplwaye yo pa bay enstriksyon. Si plan an byen tabli, gras ak yon sèten kantite envestisman pa defo ki jeneralman redui risk pou gen gwo pèt epi pèmèt gen bon jan kwasans alontèm, epi vin ak yon avi sou pwosesis enskripsyon otomatik plan an, ebyen administratè an kapab gen chans pou yo sòti tout responsabilite sou do l pou pèt ki se rezilta envestisman nan altènativ pa defo sa yo. Plan an dwe bay opsyon pou yon gran kantite divès envestisman pou patisipan yo chwazi ansanm ak enfòmasyon sou envestisman sa yo pou patisipan yo kapab pran desizyon ki enfòme. Règ ak prensip Ministè Travay yo bay direktiv sou altènativ envestisman pa defo ki kapab itilize yo epi yo mete disponib yon avi ak enfòmasyon patisipan yo dwe resevwa.

Sa k ap rive si administratè plan an pa ta rive pran tout responsabilite l yo?

Administratè ki pa suiv estanda konduit yo mande respekte yo kapab gen pou pote chay tout sa ki rive nan moman yo gen kontwòl plan an. Si plan an pèdi lajan poutèt yon pwoblèm ki rive nan resposabilite yo, administratè yo ta dwe rekipere pèt sa yo, oswa nenpòt pwofi ki resevwa gras ak aksyon ki pa apwopriye yo. Pa egzanp, si yon antrepriz pa transfere kotizasyon 401(k) anplwaye yo nan plan an, antrepriz la ap gen pou l ranbouse kotizasyon yo nan plan an ansanm ak nenpòt lajan ki pèdi, epi li dwe retounen nenpòt pwofi yo te resevwa nan move fason yo. Administratè yo kapab pèdi travay yo anatanke administratè si yo pa respekte estanda konduit yo.

Kilè antrepriz lan ap bezwen depoze kotizasyon anplwaye yo nan plan an?

Si ou kotize nan plan retrèt w lan atravè dediksyon sou salè ou, ebyen antrepriz w ap travay ladan l lan dwe suiv kèk prensip pou asire li depoze kotizasyon yo nan bon moman an. Lalwa fè konnen antrepriz la dwe depoze kotizasyon patisipan yo nan moman li rezonab pou separe yo ak aktif kotizasyon yo, men li pa dwe fè sa a apre 15yèm jou ouvrab nan mwa an apre dat peman salè an. Pou ti plan yo (sa ki gen mwens pase 100 patisipan yo), kotizasyon salè redui ki depoze nan plan an anvan 7yèm jou ouvrab ki suiv rediksyon antrepriz la fè an ap konsidere antanke yon kotizasyon ki fèt ann respè lalwa. Nan Rapò Anyèl (Fòm 5500) lan, administratè plan an dwe genyen ladan li enfòmasyon ki deklare kotizasyon yo te fèt atan. Pou plis enfòmasyon, ale gade nan piblikasyon Ministè Travay la ki pote non Ten Warnings Signs That Your 401(k) Contributions Are Being Misused pou endikatè ki demontre reta li posib pou genyen nan depo kotizasyon yo.

Ki obligasyon administratè plan yo genyen konsènan frè ak depans plan an peye yo? Èske plan an kapab pran frè sou kont plan kotizasyon defini mwen an?

Administratè plan yo ap genyen pou yo reflechi ak frè ak depans plan w lan peye pou l kapab fonksyone yo. Estanda administrasyon ERISA yo, jan nou pale sou yo pi wo an, vle di administratè yo dwe:

  • Tabli yon pwosesis pridan pou chwazi altènativ envestisman ak founisè sèvis pou plan an;
  • Asire frè ki peye bay founisè sèvis yo ak lòt depans plan yo rezonab nan respè nivo ak kalite sèvis ki founi yo;
  • Chwazi altènativ envestisman ki divèsifye nan yon fason apwopriye epi ki pridan; epi
  • Sipèvize altènativ envestisman ak founisè sèvis yo pou w kapab wè si yo toujou reprezante chwa ki apwopriye.

Plan an kapab fè dediksyon frè administrasyon pou plan ak envestisman nan kont plan kotizasyon defini ou an, swa antanke yon prelèvman dirèk oswa yon prelèvman endirèk ki ap fèt tankou yon rediksyon nan randman envestisman sou kont ou an. Frè pou sèvis endividyèl yo, tankou pou trete dosye pou yon prè nan plan an oswa yon Òdonans Kalifye pou Relasyon Domestik (Qualified Domestic Relations Order, QDRO) (al gade nan Chapit 9 pou esplikasyon), kapab sòti sou kont ou nan prelèvman.

Si ou dirije envestisman an nan kont ou an, plan w lan pral ba w enfòmasyon konsènan dwa w ak responsabilite w genyen nan sa ki gen pou wè ak direksyon envestisman sa yo. Sa genyen ladan li enfòmasyon sou plan an ak envestisman yo, tankou enfòmasyon konsènan frè ak depans, enfòmasyon w ap bezwen pou pran desizyon ki enfòme sou jesyon kont ou an. Enfòmasyon ki gen pou wè ak envestisman yo disponib nan yon fòma, tankou yon tablo, ki pèmèt gen yon konparezon sou opsyon envestisman plan yo. Plan an dwe bay enfòmasyon sa a anvan ou kapab dirije envestisman yo pou premye fwa epi chak ane apresa a ak enfòmasyon sou frè ak depans ki deja peye ki founi omwen chak twa mwa.

Pou plis enfòmasyon, ale gade nan gid Ministè Travay la ki rele A Look at 401(k) Plan Fees. Pou w kapab jwenn yon kopi bwochi sa a, kontakte Ministè Travay lan oswa rele gratis nan 1-866-444-3272.

Eleman Mezi

  • Si ou genyen nenpòt kesyon konsènan jesyon plan an ak aktif li yo, kontakte administratè plan an.

Chapit 8: Sa k ap rive Avantaj ou yo Lè Yon Plan Kanpe oswa Plizyè Konpayi Vin Fè Yon Sèl

Jan sa di nan kòmansman ti liv la, yo pa egzije antrepriz yo ofri yon plan retrèt, epi yo kapab modifye epi/oswa kanpe plan yo.

Kisa k ap rive lè yon plan kanpe?

Lwa federal yo prevwa gen kèk mezi ki ap disponib pou pwoteje anplwaye ki te patisipe nan plan ki kanpe, kit se plan avantaj defini, kit se plan kotizasyon defini. Lè yo kanape yon plan, anplwaye aktyèl yo dwe vin gen 100% akizisyon nan avantaj akimile yo. Sa vle di ou vin gen dwa ak tout avantaj ou te genyen nan moman plan an kanpe an. W ap gen dwa tou ak avantaj ou pa t gen akizisyon pou yo epi sa ou t ap pèdi si ou te kite antrepriz la. Si yo kanpe plan an nan yon fason ki pasyèl (pa egzanp, si antrepriz w ap travay la fèmen yon enstalasyon oswa yon divizyon ki vin lakòz gen yon pousantaj nan patisipan yo ki vin pa gen travay ankò), anplwaye ki sibi enpak desizyon sa yo ta dwe imedyatman jwenn akizisyon nan nivo plan an finanse an.

Sa k ap rive si plan avantaj defini ou yo kanpe an pa gen ase lajan pou peye avantaj yo?

Gouvènman Federal la, gras ak Sosyete pou Garanti Avantaj Retrèt an (PBGC), asire majorite plan avantaj defini prive yo. Pou plan avantaj defini ki kanpe yo epi ki pa gen ase lajan pou peye tout avantaj yo, PBGC an pral garanti peman avantaj retrèt akizisyon w yo nan limit lalwa mete yo. Pou plis enfòmasyon sou garanti plan ki kanpe yo, kontakte Sosyete pou Garanti Avantaj Retrèt an gratis nan 1-800-400-7242 oswa ale sou entènèt.

Kisa k ap rive si yo kanpe yon plan kotizasyon defini?

PBGC an pa garanti avantaj pou plan kotizasyon defini yo. Si ou ap patisipe nan yon plan kotizasyon defini ki nan pwosesis pou l kanpe, administratè anchèf ak lòt administratè yo ta dwe fè plan an kontinye jiskaske yo kanpe l epi peye aktif yo.

Èske avantaj akimile yo pwoteje si plan an ta vin fè yon sèl ak yon lòt plan?

Règleman plan w lan ak chwa envestisman w lan kapab chanje si konpayi w lan ta vin fè yon sèl ak yon lòt. Antrepriz ou ap tarvay la kapab chwazi pou l fè plan w lan fè yon sèl ak yon lòt. Si plan w lan kanpe poutèt plan yo ki fè yon sèl la, avantaj ou akimile yo pa kapab redui. Ou dwe resevwa yon avantaj ki omwen egal ak sa ou genyen dwa resevwa anvan plan yo fè yon sèl. Nan yon plan kotizasyon defini, valè kont ou an genyen kapab toujou varye apre fizyon an dapre pèfòmans envestisman an.

Gen règleman espesyal ki ap aplike ak fizyon plan avantaj defini plizyè antrepriz yo, ki yo menm jeneralman fèt anba jiridiksyon PBGC. Kontakte PBGC an pou plis enfòmasyon.

E si antrepriz ou ap travay ladan l lan fè fayit?

Jeneralman, aktif retrèt w yo pa ta dwe riske si antrepriz w ap travay la deklare li an fayit. Lwa federal yo egzije pou plan retrèt yo finanse avantaj ki pwomèt yo nan bon fason an epi pou yo kenbe aktif plan yo separe parapò ak aktif biznis antrepriz la. Fon yo dwe konsève nan kont oswa envesti nan yon kontra asirans. Kreditè antrepriz lan pa kapab fè yon reklamasyon sou fon plan retrèt yo. Sepandan, ou ta dwe konfime nenpòt kotizasyon antrepriz ou pran sou salè ou ap transfere nan kont plan an oswa nan yon kontra asirans nan tan sa dwe fèt la.

Evènman ki enpòtan nan biznis lan tankou fayit, fizyon, ak acha kapab lakòz antrepriz yo vin kite plan kont endividyèl yo (egzanp, plan 401(k)), sa k ap vin fè pa gen okenn administrasyon pou jere plan sa a. Nan sitiyasyon sa a, patisipan yo souvan gen difikilte pou jwenn aksè ak avantaj yo fin genyen epi yo pa gen okenn moun pou kontakte si yo ta gen kesyon. Òganis depo yo tankou bank, konpayi asirans yo, ak konpayi fon mityèl yo se sèl òganis ki ap jere aktif plan sa yo men yo pa gen otorite pou kanpe plan sa yo epi distribiye aktif sa yo. Pou l kapab entèvni, Ministè Travay la te mete sou pye kèk règleman nan objektif pou kreye yon pwosesis volontè pou òganis depo an likide aktif plan an pou distribisyon avantaj yo kapab fèt epi plan an kanpe. Enfòmasyon sou pwogram sa a disponib sou sit entènèt Ministè Travay la.

Eleman Mezi yo

  • Si antrepriz ou t ap travay ladan l lan vin fè fayit, gen aranjman ki ta dwe fèt kote yon reprezantan plan ap rete pou dirije koze peman avantaj yo ak lòt plan nan antrepriz lan. Si ou gen dwa resevwa avantaj sa yo epi ou pa kapab kontakt administratè plan, kontakte EBSA oswa pandan w ap rele gratis nan 1-866-444-3272.
  • Konsève yon fichye ki gen enfòmasyon sou plan w lan ak konpayi w ap travay ladan l lan. Si konpayi an pa egziste ankò sou non li te genyen anvan an, ou kapab jwenn kèk enfòmasyon sou entènèt lè w mete ansyen non an nan motè rechèch la. Si antrepriz ou ap travay ladan l lan kite plan an, itilize fonksyon Rechèch la ki sou sit entènèt EBSA a pou w kapab konnen si òganis depo plan an ap kanpe plan an ansanm ak enfòmasyon pou kontak òganis depo an.
  • Si plan w lan fè fizyon ak yon lòt, asire w ou li kominikasyon ki fèt konsènan chanjman nan avantaj ak chwa envestisman yo.
  • Si avantaj retrèt w yo rete nan men ansyen antrepriz ou an, toujou chèche konnen nenpòt chanjman responsab ansyen antrepriz ou t ap travay ladan l lan ap fè, ansanm ak chanjman adrès, fizyon, oswa non antrepriz la.
  • Si ou demenaje, bay responsab plan yo nouvo enfòmasyon kontak ou.

Chapit 9: Reklamasyon potansyèl ki kapab kont Avantaj Ou yo (Divòs)

Plan retrèt w lan jeneralman pwoteje kont reklamasyon lòt moun ap fè. Kreditè ou dwe lajan yo pa kapab vin fè yon reklamasyon pou lajan w genyen ki nan plan retrèt w lan. Pa egzanp, si ou kite antrepriz w ap travay ladan l lan epi w transfere kont 401(k) ou an nan yon kont retrèt endividyèl (individual retirement account, IRA), kreditè yo jeneralman pa kapab gen aksè ak fon IRA sa yo menm si ou deklare ou an fayit.

Lwa federal pa fè okenn eksepsyon pou sipò fanmi ak divizyon pwopriyete nan moman divòs. Pou plizyè anplwaye, ekonomi retrèt yo se youn nan aktif yo genyen ki pi enpòtan. Pou rezon sa a, konnen si dwe genyen divizyon epi konnen kijan pou fè divizyon sa a nan yon plan retrèt se konsiderasyon ki souvan enpòtan nan moman separasyon, divòs, ak lòt pwosesis relasyon nan kay. Pandan lwa sou relasyon nan kay Leta yo jeneralman di sa ki dwe fèt nan moman divizyon pwopriyete moun ki marye, nenpòt asiyasyon avantaj retrèt dwe konfòme l ak Lwa Federal yo tou, espesyalman ERISA ak Kòd Revni Entèn lan.

Yon tribinal Eta a kapab deside bay konjwen, èks konjwen, pitit, oswa lòt moun ki sou kont yon patisipan yon pati oswa tout avantaj retrèt patisipan sa a. Benefisyè non l afiche nan òdonans lan pote non yon benefisyè segondè. Tribinal lan ap fè sòti yon òdonans espesifik, ki pote non òdonans relasyon fanmi, ki kapab parèt nan fòm yon jijman, dekrè oswa òdonans tribinal Eta oswa yon apwobasyon tribinal sòti pou yon akò sou règleman pwopriyete. Òdonans lan dwe gen pou wè ak retrèt alimantè pou timoun, retrèt alimantè oswa dwa pwopriyete pou maryaj, epi li dwe fèt nan respè lwa sou relasyon fanmi an.

Administratè plan an detèmine si òdonans lan se yon òdonans pou relasyon fanmi ki kalifye (Qualified Domestic Relations Order, QDRO) dapre pwosedi plan yo epi apresa li fè patisipan an ansanm ak benefisyè segondè konnen sa a.

Pou l kapab yon QDRO, òdonans lan dwe genyen ladan li enfòmasyon ki pi ba yo:

  • Non patisipan an ak adrès lapòs ki pi resan li an;
  • Non ak adrès lapòs ki pi resans chak benefisyè segondè;
  • Non plan an;
  • Kantite, pousantaj, oswa metòd pou detèmine kantite oswa pousantaj avantaj ki dwe ale jwenn benefisyè segondè an; ak
  • Kantite peman oswa peryòd tan òdonans lan asosye ak yo an.

Kontni espesifik ki nan rès òdonans lan pral depann ak ki kalite plan retrèt li asosye ak li an, nati avantaj patisipan an, objektif òdonans ki sòti an, ak entansyon pati konsène ki fè sòti òdonans lan. Yon QDRO dwe prevwa yon kalite oswa fòm avantaj plan an deja otorize an. Li pa kapab egzije plan an bay avantaj ki ogmante. Anjeneral, yon QDRO kapab bay yon èks konjwen avantaj pou sivivan. Patisipan ak benefisyè segondè ki ap sòti yon QDRO yo ta dwe li Deskripsyon Rezime Plan plan an ansanm ak lòt dokiman plan pou konprann avantaj pou sivivan ki disponib nan plan an. Yon QDRO pa kapab egzije yon plan pou peye avantaj bay yon benefisyè segondè ki ta dwe ale jwenn yon lòt benefisyè segondè nan kad yon QDRO plan an te deja konnen.

Si patisipan an toujou ap travay, yon QDRO kapab mande pou yo kòmanse peye benefisyè segondè an nan oswa apre laj retrèt ki pi piti an pou patisipan nan plan an.

Règleman sa yo aplike ak plan avantaj defini ak kotizasyon defini yo. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale gade piblikasyon EBSA an ki rele QDROs - The Division of Retirement Benefits Through Qualified Domestic Relations Orders. Pou w kapab fè kòmand yon kopi, kontakte EBSA oswa rele gratis nan 1-866-444-3272.

Eleman Mezi yo

  • Si ou pral divòse, ou ta dwe pale sou pwoblèm sa yo ak administratè plan w lan ak avoka ou an.

Chapit 10: Kisa Ou Dwe Fè si Ou Genyen Pwoblèm

Kèk fwa administratè plan retrèt yo, manadjè, ak lòt moun ki konsène nan plan an konn fè fot. Men kèk egzanp:

  • Relve kont 401(k) oswa kont endividyèl ou an toujou anreta oswa vin nan entèval ki pa regilye;
  • Balans kont ou pa parèt egzak;
  • Antrepriz w ap travay ladan l lan pa rive transmèt kotizayson w lan nan plan an atan;
  • Administratè plan ou an pa ba w oswa voye yon kopi Deskripsyon Rezime Plan an ba w; oswa
  • Avantaj ou an kalkile nan yon fason ki pa kòrèk.

Li enpòtan pou w konnen dapre lalwa, antrepriz yo pa gen dwa pou yo revoke oswa pran mezi disiplinè kont anplwaye nan objektif pou yo evite peye anvantaj, antanke yon aksyon vanjans poutèt anplwaye an te egzèse youn nan dwa li genyen dapre sa plan an di oswa sa lalwa federal pou retrèt an (ERISA) fè konnen, oswa pou bay enfòmasyon oswa temwayaj nan nenpòt pwosesis.

Kòmanse ak responsab antrepriz ou an ak/oswa administratè plan w lan

Si ou jwenn yon erè oswa ou gen yon kesyon, ou kapab kòmanse pandan w ap chèche enfòmasyon nan Deskripsyon Rezime Plan w lan. Epitou, ou kapab kontakte antrepriz w ap travay ladan l lan ansanm ak/oswa administratè plan w lan epi mande yo pou yo esplike sa ki te rive ak/oswa fè yon koreksyon.

Èske li posib pou w rele moun lajistis nan kad lwa ERISA a?

Wi, ou genyen dwa pou w rele responsab plan w lan ansanm ak administratè yo lajistis pou w kapab fè aplike oswa klarifye dwa ou yo dapre ERISA ak sa plan w lan egzije yo nan sitiyasyon ki pi ba yo:

  • Pou fè kontestasyon yon reklamasyon pou avantaj ki pran refi apre w fin itilize pwosesis verifikasyon reklamasyon plan w lan;
  • Pou rekipere avantaj yo dwe w;
  • Pou klarifye dwa w pou jwenn avantaj alavni;
  • Pou jwenn dokiman plan ou te mande anvan sa alekri men w pa resevwa;
  • Pou abòde yon pwoblèm responsabilite bò kote sistèm administrasyon plan an; oswa
  • Pou anpeche plan an kontinye nenpòt aksyon oswa pratik ki vyole kondisyon plan an oswa ERISA.

Ki wòl Ministè Travay la genyen?

Administrasyon Sekirite Avantaj Anplwaye Ministè Travay Ameriken an (Employee Benefits Security Administration, EBSA) aplike dispozisyon lwa ERISA an ki ap dirije konduit adminsitratè plan yo, envestisman ak pwoteksyon aktif plan yo, rapò ak kominikasyon enfòmasyon plan an, epi dwa patisipan yo gen sou avantaj yo ansanm ak responsabilite yo.

Sepandan, ERISA pa garantigaranti tout plan retrèt yo. Pa egzanp, li pa garanti plan administrasyon federal, Eta oswa lokal yo ak kèk plan legliz.

Ministè Travay la ap fè aplike lalwa pandan l ap rezoud pwoblèm ki gen nan avantaj yo yon fason enfòmèl, dirije envestigasyon, epi chèche koreksyon vyolasyon lalwa yo, epi tou pandan l ap kòmanse pousuit jidisyè yo.

Ministè an gen konseye nan avantaj ki ofri asistans endividyèl bay patisipan yo ak benefisyè yo. Patisipan yo pral resevwa enfòmasyon sou dwa ak responsabilite yo genyen dapre lalwa epi ede nan jwenn avantaj yo genyen dwa jwi yo.

Kontakte yon konseye sou avantaj oswa pandan w ap rele gratis nan 1-866-444-3272.

Eleman Mezi yo

Kontakte EBSA pou kesyon ou genyen konsènan ERISA, ak asistans ou bezwen si w bezwen jwenn yon avantaj, oswa:

  • Si ou kwè reklamasyon w lan te pran yon refi ki pa apwopriye oswa avantaj ou an pa t kalkile nan fason ki kòrèk la;
  • Si ou genyen enfòmasyon sou aktif plan yo ki pa byen jere oswa pa byen itilize;
  • Si ou panse administratè plan w yo ap mal aji; oswa
  • Si ou panse antrepriz w ap travay ladan l lan ap pran reta nan depoze kotizasyon w yo (ale gade nan Chapit 7).

Ki lòt ajans Federal ki kapab ede patisipan yo ak benefisyè yo?

Sosyete pou Garanti Avantaj Retrèt (Pension Benefit Guaranty Corporation, PBGC) se yon sosyete ki kreye federalman ki garanti peman kèk avantaj retrèt nan majorite plan avantaj defini prive yo lè yo kanpe san pa gen ase lajan ki rete pou peye avantaj.

Ou kapab kontakte PBGC an nan:

Pension Benefit Guaranty Corporation
PO Box
151750
Alexandria, VA 22315-1750
Nimewo Gratis: 1-800-400-7242
mypension@PBGC.gov

Sèvis Revni Entèn Depatman Trezori an gen responsabilite fè aplike prensip ki pèmèt anplwaye yo ak antrepriz yo jwenn avantaj fiskal ki gen pou wè ak plan retrèt yo, ansanm ak egzijans akizisyon ak alokasyon yo.

Glosè

Plan 401(k) – Nan kalite plan kotizasyon defini sa a, anplwaye an kapab kotize ak lajan salè li anvan yo pran taks sou li. Kotizasyon an pral ale nan yon kont 401(k), epi se anplwaye an ki souvan pral chwazi envestisman yo baze sou opsyon ki genyen anndan plan an. Nan kèk plan, antrepriz la konn kotize tou, sa ki pral egale kotizasyon anplwaye yo jiska yon sèten pousantaj. Plan SIMPLE ak Safe Harbor 401(k) yo genyen egzijans pou kotizasyon adisyonèl antrepriz lan ak egzijans akizisyon.

Enskripsyon Otomatik – Antrepriz yo kapab enskri anplwaye yon fason otomatik nan yon plan, tankou yon plan 401(k) oswa yon plan SIMPLE IRA, epi plase kotizasyon li pran sou salè anplwaye yo nan yon seri envestisman predetèmine, sof si anplwaye an deside fè yon lòt bagay. Patisipan yo kapab deside pa patisipe ankò epi pwofite opòtinite detanzantan pou chanje envestisman yo (oswa nan yon SIMPLE IRA, enstitisyon finansye kote kotizasyon yo envesti an).

Akimilasyon Avantaj – Kantite avantaj ki akimile nan plan an.

Plan Blans Lajan Kach – Yon kalite plan avantaj defini ki genyen ladan li kèk eleman ki sanble ak yon plan kotizasyon defini paske kantite avantaj lan kalkile gras ak yon fòmil ki genyen ladan l kotizasyon an ak kredi yo, epi chak patisipan gen yon kont vityèl. Plan balans lajan kach yo gen plis chans pou yo fè alokasyon montan global pase plan avantaj defini tradisyonèl yo. (Pou plis enfòmasyon, ale gade "Cash Balance Plans: Questions and Answers," sou sit entènèt Ministè Travay la.)

Plan Avantaj Defini – Kalite plan sa a, ki pote non plan retrèt tradisyonèl tou, pwomèt patisipan an yon avantaj espesifik chak mwa nan moman retrèt an. Avantaj lan souvan baze sou kèk faktè tankou salè w, laj ou, ak kantite ane ou fè ap travay pou antrepriz la.

Plan Kotizasyon Defini – Nan yon plan kotizasyon defini, anplwaye an ak/oswa antrepriz la kotize nan kont plan endividyèl anplwaye an. Anplwaye an souvan deside kijan kont li an ap envesti. Valè kont lan pral chanje dapre valè ak pèfòmans envestisman l yo. Kantite ki sou kont lan nan moman alokasyon an genyen ladan l kotizasyon yo ak benefis oswa pèt envestisman yo, mwens nenpòt frè envestisman ak administrasyon. Kotizasyon yo ak benefis yo p ap gen okenn taks y ap pran sou yo jiskaske yo ap bay alokasyon yo.

Lwa 1974 la pou Sekirite Revni pou Retrèt Anplwaye (Employee Retirement Income Security Act of 1974, ERISA) – Yon lwa Federal ki tabli estanda pwoteksyon pou moun ki nan majorite plan retrèt ki kreye volontèman epi ki nan sektè prive yo. ERISA:

  • Egzije pou plan yo bay patisipan yo enfòmasyon sou plan yo, ansanm ak enfòmasyon enpòtan sou fonksyonalite plan yo ak finansman yo;
  • Tabli estanda minimòm pou patisipasyon, akizisyon, akimilasyon avantaj ak finansman;
  • Tabli devwa sistèm administrasyon plan yo genyen pou moun ki ap jere epi kontwole aktif plan yo;
  • Egzije plan yo tabli yon pwosesis reklamasyon ak kontestasyon pou patisipan yo jwenn avantaj nan plan yo;
  • Bay patisipan yo dwa pou yo fè pousuit jidisyè si toutfwa gen pwoblèm nan avantaj yo ki gen pou wè ak responsabilite sistèm administrasyon plan yo; epi,
  • Si yon plan avantaj defini kanpe, li garanti peman kèk avantaj atravè yon sosyete dwa federal, ki pote non Sosyete pou Garanti Avantaj Federal (PBGC) la.

Plan Pwopriyete Aksyon pou Anplwaye (Employee Stock Ownership Plan, ESOP) – Yon kalite plan kotizasyon defini ki envesti prensipalman nan aksyon antrepriz lan.

Relve Avantaj Endividyèl – Yon relve avantaj endividyèl bay enfòmasyon sou avantaj retrèt yon patisipan, tankou kantite total avantaj ki sòti antanke benefis ak avantaj ki fè akizisyon yo, pandan yon peryòd tan. Kapab gen enfòmasyon adisyonèl sa depann kalite plan an, tankou sou kijan yo envesti yon kont plan 401(k) pou patisipan an ansanm ak valè envestisman sa yo.

Kont Retrèt Endividyèl (Individual Retirement Account, IRA) - Yon kont endividyèl ki kreye nan asosyasyon ak yon enstitisyon finansye, tankou yon bank oswa yon konpayi fon mityèl. Dapre lwa Federal la, moun yo kapab mete ekonomi yo sou kote jiskaske l rive nan yon nivo, epi envestisman an ap grandi, pandan l ap benefisye yon dekalaj nan taks yo ta dwe pran sou li a. Epitou, patisipan plan kotizasyon defini yo kapab transfere lajan sòti nan yon plan retrèt antrepriz la ale nan yon IRA lè l ap kite antrepriz la. IRA yo kapab fè pati plan yon antrepriz genyen.

Plan Fòmil Acha - Yon plan fòmil acha mande pou antrepriz lan tabli kotizasyon anyèl pou kont endividyèl yo epi li gen pou l respekte lòt règleman tou.

Plan Plizyè Antrepriz - Yon plan retrèt ki gen finansman plizyè antrepriz anba yon pil konvansyon kolektif ki respekte kèk egzijans. Yon patisipan ki chanje travay li sòti nan yon antrepriz ki fè finansman ale nan yon lòt ap rete nan menm plan an.

Administratè Plan - Moun yo nome nan dokiman plan an ki gen responsabilite pou jere plan an. Kapab se responsab anchèf antrepriz la, yon komite anplwaye, yon responsab konpayi an, oswa yon moun yo bay jere travay sa menm.

Dokiman Plan - Yon enstriman alekri plan an tabli epi ap fonksyone sou li.

Administrasyon Plan - Nenpòt moun ki egzèse otorite diskrè oswa kontwòl diskrè sou jesyon oswa administrasyon plan an, egzèse nenpòt otorite oswa kontwòl sou jesyon oswa dispozisyon aktif plan yo, oswa bay konsèy sou envestisman konsènan aktif plan yo pou yon frè oswa lòt konpansasyon.

Administratè Anchèf Plan - Yon moun ki genyen otorite esklizif ak diskresyon pou jere epi kontwole aktif plan an. Administratè anchèf plan an kapab anba kontwòl yon administratè ki nome epi administratè nome sa a kapab nome youn oswa plizyè manadjè envestisman pou aktif plan an.

Ane Plan - Yon peryòd 12 mwa plan retrèt an chwazi pou kalkile akizisyon ak alokasyon, ansanm ak plizyè lòt bagay. Ane plan an kapab se ane sivil an oswa yon lòt kalite peryòd, egzanp, 1ye Jen rive 30 Jen.

Plan Pataj Pwofi - Yon plan pataj pwofi pèmèt yon antrepriz detèmine chak ane konbyen pou l kotize nan plan an (nan pwofi yo oswa yon lòt fason) sou fòm kach oswa gras ak aktif antrepriz yo. Plan an genyen yon fòmil pou alokasyon kotizasyon anyèl pami patisipan yo.

Transfè - Yon transfè fèt lè yon patisipan kite yon antrepriz epi transfere plan kotizasyon defini an pou l voye lajan an nan kont li nan yon nouvo plan oswa yon nouvo kont retrèt endividyèl. Sa ap konsève avantaj yo epi li p ap lakòz genyen konsekans fiskal si l fèt atan.

Safe Harbor 401(k) – Yon safe harbor 401(k) sanble ak yon plan 401(k) tradisyonèl, men antrepriz la gen egzijans pou l fè kotizasyon pou chak anplwaye. Kotizasyon antrepriz lan genyen nan yon plan safe harbor 401(k) yo ap gen akizisyon a 100%. Plan safe harbor 401(k) an ap asiste nan chay administrasyon ki gen sou do antrepriz yo pandan l ap elimine kèk nan règleman konplike pou taks ki jeneralman konn aplike sou plan 401(k) tradisyonèl yo.

Plan Ekivalans Kotizasyon pou Ankouraje Anplwaye Ti Antrepriz yo (Savings Incentive Match Plan for Employees of Small Employers, SIMPLE) – Yon plan ki gen yon ti antrepriz ladan l ki gen 100 oswa mwens anplwaye kapab ofri avantaj retrèt atravè rediksyon nan salè ak kotizasyon (menm jan ak yon plan 401(k). Li kapab swa yon SIMPLE IRA oswa yon SIMPLE 401(k). Plan SIMPLE IRA yo enpoze kèk chay administrasyon sou do antrepriz yo paske se anplwaye yo ki pwopriyetè IRA yo, epi bank lan oswa enstitisyon finansye ki ap resevwa fon yo ki ap jere majorite travay sou papye yo. Pandan chak gen fonskyonalite diferan, tankou limit kotizasyon ak disponibilite prè, kotizasyon antrepriz ki obligatwa yo ap gen akizisyon a 100% nan toude.

Plan Retrèt Senplifye pou Anplwaye (Simplified Employee Pension, SEP) - Yon plan kote antrepriz la fè kotizasyon sou yon baz ki favorize taks nan kont retrèt endividyèl (IRA) anplwaye yo se pwopriyetè yo. Si gen kèk kondisyon ki respekte, antrepriz lan p ap anba egzijans rapò ak kominikasyon majorite plan retrèt genyen yo. Nan yon SEP, se swa anplwaye an ki kreye IRA an oswa se pou li yo kreye l pou l kapab aksepte kotizasyon antrepriz lan ap fè yo.

Deskripsyon Rezime Plan - Yon dokiman ki disponib administratè plan an bay ki gen ladan li yon deskripsyon byen klè sou fonskyonalite enpòtan plan an gen ladan li, tankou:

  • Lè anplwaye yo kòmanse patisipe nan plan an,
  • Fason yo kalkile sèvis ak avantaj yo,
  • Lè avantaj yo ap vin gen akizisyon,
  • Lè epi kijan yo resevwa peman yo, epi
  • Kijan pou fè yon reklamasyon pou avantaj.

Patisipan yo dwe konnen lè gen chanjman nan dokiman yo kit se atravè yon Deskripsyon Rezime Plan oswa nan yon dokiman separe ki rele Rezime sou Modifikasyon Dokiman yo.

Avantaj Akizisyon - Avantaj sa yo moun lan benefisye dwa pou l resevwa yo epi ki pa kapab pèdi yo.

Ane Sèvis - Tan yon moun fè nan yon travay ki anba pwoteksyon yon plan. Yo itilize l pou detèmine kilè yon moun kapab patisipe epi fè akizisyon epi kijan yo kapab akimile avantaj nan plan an.