Jwenn konsila w la

Entèvyou sou tèren: Yon fi k ap fè entèvyou ak yon travayè agrikòl nan yon jaden.

Depoze yon plent nan Depatman Ki Responsab Salè ak Lè

Depatman ki Responsab Salè ak Lè a pran angajman pou l asire l travayè yo touche kòmsadwa, epi pwoteksyon pou lojman, transpò, manman k ap fè alètman, ak pwoteksyon pou lite kont reprezay yo pa pase anba pye. Si w gen kesyon oswa w panse konpayi w ap travay la pa respekte lwa travay federal yo, ou ka rele WHD a nan 1-866-487-9243 oswa ale sou dol.gov/agencies/whd. L ap voye w nan biwo WHD ki pi pre a pou w jwenn èd. Gen biwo WHD nan tout peyi a ki gen pwofesyonèl ki resevwa fòmasyon e ki pale de lang pou ede w. Tout plent yo konfidansyèl.

Depoze yon akizasyon diskriminasyon nan Komisyon Ki Responsab Pou Garanti Tout Moun Gen Menm Chans Nan Travay nan Peyi Etazini

Si w panse ou te sibi diskriminasyon nan travay la akoz ras ou, koulè po w, relijyon w, sèks ou (ki gen ladan l gwosès, idantite sèks, ak oryantasyon seksyèl), peyi w soti, laj (40 oswa plis), andikap, oswa enfòmasyon jenetik, ou ka depoze yon Akizasyon pou Diskriminasyon.

Depoze yon plent nan Biwo ki Responsab Sekirite ak Sante nan Travay

  • Si w panse kondisyon travay yo pa an sekirite oswa yo pa bon pou sante, ou ka depoze yon plent konfidansyèl nan OSHA epi mande pou yo fè yon verifikasyon.
  • Si sa posib, fè konpayi w ap travay la konnen enkyetid ou. Ou menm (oswa reprezantan w) gen dwa pou depoze yon plent konfidansyèl konsènan sekirite ak sante epi mande pou OSHA verifye kote w ap travay la si w panse gen yon danje ki grav oswa si w panse konpayi w la pa suiv prensip OSHA yo. Ou dwe depoze plent lan kou sa posib lè w fin remake yon danje. Ap gen plis chans pou yo vin fè verifikasyon lokal la si plent lan siyen. Aprann plis sou fason pou w depoze yon plent nan OSHA.
  • Ann sipoze gen yon posibilite pou gen lanmò oswa gwo blesi grav e pa gen ase tan pou OSHA verifye ki kote sa ka fèt, epi yon travayè fè konpayi konn kondisyon; yo ka gen dwa legal pou yo refize travay nan yon sitiyasyon ki mete yo an danje. Si w gen kesyon konsènan sa pou w fè, kontakte biwo OSHA ki nan zòn ou an. OSHA ap kenbe enfòmasyon w yo konfidansyèl.