Jwenn konsila w la

Moun k ap lave asyèt: Yon mesye k ap lave asyèt dèyè yon kontwa kafe.

Nenpòt lyen ki voye w nan sit entènèt ki pa federal sou paj sa a bay plis enfòmasyon ki koresponn ak objektif sit federal sa a, men lefètke nou mete lyen ki voye w sou sit sa yo pa vle di Ministè Travay Etazini apwouve enfòmasyon oswa òganizasyon ki bay enfòmasyon sa yo. Pou plis enfòmasyon, ale sou  https://www.dol.gov/general/disclaim.

Ministè Travay Etazini

  • Worker.gov: Worker.gov se yon sant resous ki gen tout bagay pou ede travayè yo konprann dwa yo epi jwenn resous nan Ministè Travay.
  • Biwo ki Responsab Sekirite ak Sante nan Travay (OSHA): OSHA asire l travayè yo nan kondisyon ki an sekirite e ki pwòp. Yo mete ak aplike prensip pou kondisyon travay yo epi yo bay fòmasyon, yo fè sansibilizasyon, yo bay edikasyon, e yo bay èd.
  • Depatman Ki Responsab Salè ak Lè (WHD): WHD aplike lwa ki kouvri salè minimòm, pèman pou lè siplemantè, konsèvasyon dosye, ak timoun yo fè travay.
    • Rele liy èd gratis Depatman Ki Responsab Salè ak Lè a: 1-866-4-USWAGE (1-866-487-9243)
    • Oswa voye yon kesyon/kòmantè ale pa mwayen fòmilè sou entènèt yo a.
    • Jwenn enfòmasyon pou w kontakte biwo lokal WHD ki pi pre w la
  • Biwo Afè Entènasyonal Travay (ILAB): ILAB travay pou l ranfòse prensip travay nan monn nan epi lite kont fenomèn kote y ap fè timoun travay la, travay fòse, ak trafik moun. Pou plis enfòmasyon, ale sou DOL.gov/agencies/ilab.
  • Biwo Fanm yo: Biwo Fanm yo soutni règleman pou pwoteje enterè fanm k ap travay yo, defann egalite ak sekirite nan domèn ekonomik pou fanm ak fanmi yo, epi ankouraje bonjan anviwònman travay. Pou plis enfòmasyon, ale sou DOL.gov/agencies/wb.

Lòt Resous Gouvènman Ameriken an Ki Gen Rapò ak Dwa ak Pwoteksyon Travay pou Travayè Migran

Lòt Resous Ki Gen Rapò ak Dwa ak Pwoteksyon Travay pou Travayè Migran

  • Deplasman nan Travay MOU
    • Nan dat 17 janvye 2023, gouvènman Etazini ak Meksik la te siyen yon antant pou ranfòse pwoteksyon pou travayè k ap patisipe nan pwogram travayè etranje tanporè a. De peyi yo pran angajman pou yo fè bagay yo yon fason ki pi klè e pou amelyore kolaborasyon ant de peyi yo. Pwoteksyon nan antant la gen ladan l ranfòse kondisyon travay yo, anpeche diskriminasyon fèt, mete sou pye pwosesis rekritman ki jis, epi bay aksè ak travay nan domèn agrikilti ak sa ki pa nan domèn agrikilti ki tanporè. Toulède peyi yo pran angajman pou amelyore zouti pou anpeche ankèt sou dwa travayè yo, fè konpayi yo pran responsabilite yo, epi konekte travayè yo fè mal e yo eksplwate yo ak èd ak swen.
    • Lyen pou ale sou MOU an
  • Salè yo Dwe Travayè (WOW)
    • LTit VII l Depatman Ki Responsab Salè ak Lè (WHD) wè yo pa respekte règleman yo nan travay yo, souvan yo ranmase salè ki pa peye yo pou anplwaye yo. Si w panse ou ka jwenn salè yo pa t peye w WHD touche, ou ka chèche nan baz done yo genyen ki gen travayè ki gen lajan yo poko reklame. Pou w resevwa salè yo dwe w yo, 1) Jwenn konpayi w ap travay, 2) Jwenn non w nan sistèm nan, 3) Ranpli enfòmasyon pou yo kontakte w, epi 4) Mete yon fòmilè reklamasyon ki siyen.
    • Nan dat 13 mas 2023, Ministè Travay (DOL) ak Sekretarya Travay ak Byennèt Sosyal nan Meksik (STPS) te lanse Pwogram Esè ant Etazini ak Meksik pou Voye Lajan Migran yo Pa t Touche a. Pwogram sa a pèmèt Meksik ak DOL pataje enfòmasyon epi planifye demach pou voye salè moun pa t touche Depatman Salè ak Lè a touche yo bay travayè Meksiken migran yo ki te travay Etazini nan kad pwogram viza agrikilti H-2A. WHD pataje enfòmasyon ak STPS pou yo ka jwenn travayè ki te travay pou lajan Ozetazini, men ki retounen nan peyi yo.
    • Si w se yon travayè Meksiken ki vin Etazini sou pwogram viza H-2A a e w panse gen salè w pa t touche, rele @STPS_mx nan +52-55-3067-3028 oswa voye yon imel ba yo nan recuperacionsalariosh2a@cloud.stps.gob.mx
  • Enstriksyon pou Rekritman ki Fèt San Patipri pou Travayè Migran Tanporè yo
    • Nan dat 10 jen 2022, Ajans Ameriken pou Devlopman Entènasyonal (USAID), Ministè Travay, al Ministè Eta te soti "Gid Pratik Rekritman ki Fèt yon Fason ki Jis pou Travayè Migran Tanporè" ak enstriksyon sou prevansyon pou abi sou travayè yo ka pran yo. Gid la fèt pou ogmante règleman nan pwogram rekritman travayè H-2A ak H-2B yo, pwoteje moun k ap aplike yo kont abi, epi pwoteje dwa travayè yo.
  • Viza U ak Viza T
  • Tranzaksyon ilegal nan kesyon travay ak moun
    • Si yo fòse w, twonpe w oswa mete presyon sou ou pou w fè travay, sèvis, oswa sèks pou lajan san w pa vle sa, se trafik moun sa ye.
    • Si oumenm oswa yon moun ou konnen nan yon anviwònman ki sanble gen tranzaksyon ilegal nan kesyon travay ak sèk, rele 911. Ou menm oswa yon moun ou fè konfyans ka rele Liy Dirèk Nasyonal pou Lite Kont Trafik Moun nan ki se 1-888-373-7888; voye mesaj "BeFree" nan (233733); oswa Tchat an dirèk sou humantraffickinghotline.org. Pou plis enfòmasyon sou fason pou w rapòte trafik moun, ou ka ale sou sit entènèt ki annapre yo
    • Idantifye ak rapòte tranzaksyon ilegal nan kesyon travay – https://www.whistleblowers.gov/sites/default/files/publications/OSHA4205.pdf.
    • Gade Biwo pou Kontwole ak Lite Kont Trafik Moun ak Biwo K ap Jere Dosye Konsila a Dwa ak Pwoteksyon pou Travayè Tanporè, sa gen ladan l bwochi enfòmasyon ak videyo ki fèt nan plizyè lang.
    • Moun k ap fè tranzaksyon ilegal nan kesyon travay yo souvan vize moun ki pa gen papye, travayè etranje tanporè, moun k ap pran dwòg, moun ki gen pwoblèm mantal, timoun ki pa gen kay pou yo rete oswa ki sove kite lakay yo, ak moun ki gen pwoblèm ekonomik.
      • Siy ki montre gen tranzaksyon ilegal ki fèt nan travay:
        • itilize presyon, magouy, pwomès, oswa kontwòl nan domèn sikolojik
        • fòse w pou w travay anpil lè oswa fè travay ki reprezante danje
        • peye w yon tikras kòb oswa pa peye w ditou, retire nan lajan yo peye w
        • oumenm oswa moun ou renmen resevwa menas
        • kontwole deplasman, lojman, aksè ak lajan w, oswa ak ki moun ou ka pale
        • yo kenbe pyès idantite w oswa paspò w
      • Tranzaksyon ki pa legal nan kesyon travayplis rive nan sektè agrikilti oswa travay nan fèm, konstriksyon, fwi lanmè, peyizaj, otèl, restoran, ak travay kay moun.
  • Vyolans ak asèlman ki baze sou sèks
    • Pwogram Sibvansyon pou Ankouraje Aksè, Dwa, ak Egalite (FARE) LA ki la pou ede travayè fanm yo peye salè ki ba yo aprann epi jwenn aksè ak dwa ak avantaj anrapò ak travay. Benefisyè pwogram sibvansyon FARE pou 2023 yo pral mete pwojè sou pye pou ede travayè fanm yo mete apa e ki resevwa mwens sèvis ki sibi konsekans vyolans ki baze sou sèks ak asèlman (GBVH) sou mache travay la lè nou fè sansibilizasyon, bay fanm yo aksè ak dwa ak avantaj federal ak eta a ki gen nan travay, epi aplike metòd ki baze sou travayè ak sivivan pou pote chanjman nan prensip ki gen nan travay la.
    • Biwo Fanm Ministè Travay la kolabore ak Biwo Òganizasyon Entènasyonal Travay pou Etazini ak Kanada nan yon seri konvèsasyon pou chèche konnen fason kolaborasyon ak metòd byen kalkile ka elimite GBVH Ozetazini. Seri ki rele, Uniting to End GBVH in the World of Work, konsantre sou sans ak chanjman k ap dire lontan nou ka fè nan kominote nou an lè gouvènman, travayè, sendika, konpayi yo, ak defansè yo kolabore ansanm. Dènye konvèsasyon an te prezante travay edikasyon ak sansibilizasyon travayè yo ap dirije pou fè monn nou an vin pi ansekirite pou tout travayè yo lè yo aplike chanjman nan fason yuo fè bagay yo, abòde eleman ki reprezante yon ris, epi bay opinyon travayè yo priyorite nan solisyon yo.