Jwenn konsila w la

Pale ak yon moun: Yon gwoup moun k ap pale deyò yon motèl.

"Mwen vle pale ak yon moun mwen ka fè konfyans"

Byenvini nan Pwogram Patenarya Konsilè a

Konsila lòt peyi ki Etazini yo jwe yon wòl esansyèl nan ede sitwayen k ap travay la a. Konsila yo se biwo gouvènman peyi w mete pou bay sitwayen peyi yo k ap viv oswa travay aletranje sipò ak sèvis. Grasa Pwogram Patenarya Konsilè, Ministè Travay la te kolabore ak anbasad ak konsila ki nan Meksik, Gwatemala, Ondirans, ak El Salvador pou asire yo ou gen enfòmasyon epi ede w ak bezwen w pandan w ap travay Ozetazini.

Nimewo telefòn lòt anbasad nou kolabore avè yo 

Pi ba a w ap jwenn nimewo telefòn pou prensipal anbasad pou peyi nou kolabore avè yo a. Fè yo konnen w ap rele pou w mande èd pou kesyon ak enkyetid ou genyen konsènan travay ou oswa kote w travay la, e y ap ba w nimewo konsila ki pi pre a.

Si anbasad pa w la pa nan lis ki pi wo a, ou ka jwenn li la a.

Men nan ki sans avantaj patenarya ak anbasad ak konsila sa yo ap nan avantaj ou:

  1. Enfòmasyon ak èd: Ministè Travay la, ansanm ak anbasad ak konsila yo, vle asire l ou konn dwa w nan travay la. Ajans sa yo ka ba w enfòmasyon enpòtan epi ede w nan fason ki fasil pou w konprann.
  2. Posibilite pou aprann: Ajans sa yo ka ofri seyans oswa atelye espesyal toupre kote w travay ak viv la pou esplike règleman, pèman ki jis, ak sekirite nan travay. Seyans sa yo fèt pou montre w sa w dwe konnen pou w pwoteje tèt ou pandan w ap travay Etazini.
  3. Pataj enfòmasyon ki itil: Biwo Ministè Travay nan tout Etazini kolabore ak konsila lokal yo pou pataje enfòmasyon ki itil ki esplike fason pou w rapòte pwoblèm yo epi mande èd. Dokiman sa yo disponib nan lang diferan pou w ka jwenn ak konprann yo fasil.
  4. Jwenn sipò: Si w ap rankontre nenpòt pwoblèm oswa yo pase dwa w anba pye, Ministè Travay la ak konsila ki pi pre nan zòn ou an ka gide w kote ki apwopriye pou w jwenn èd. Y ap ede w jwenn sipò w bezwen, menm si w pa abitye ak sistèm nan.

Sonje, Ministè Travay ak anbasad ak konsila li travay avè yo a la pou yo ede w. Yo vle asire yo ou touche tout salè w nèt e w ap travay nan yon anviwònman ki an sekirite. Si w gen nenpòt kesyon oswa w bezwen èd ak dwa w yo nan travay la, sa gen ladan l depoze yon plent, pa ezite kontakte yo. Yo nan avantaj ou e yo pran angajman pou yo soutni w pandan tout ekperyans travay w ap fè Etazini an.

Semèn dwa travay 

Byenvini nan Semèn Dwa Travay Ozetazini, ki se yon travay tèt ansanm ant Anbasad Meksik la ak rezo li yo ki gen 52 konsila, ansanm ak Ministè Travay Etazini al lòt ajans travay federal yo. Patenarya sa a montgre angajman toulède peyi yo pou yo asire yo gen dwa travay, pèmèt gen yon anviwònman ki an sekirite e ki pa reprezante yon pwoblèm pou sante, ak pèman konplè salè yo ki gen pwoteksyon lwa federal la.

Semèn sa konsidere kòm yon selebrasyon ak rekonesans dwa fondamantal tout travayè nan tout peyi a, ki gen ladan l yon seri aktivite lokal ki fèt pou fè sansibilizasyon, edikasyon, ak defans pou dwa travay Ozetazini. Chak ane, pandan semèn anvan Fèt Travay (Labor Day) la, konsila ak biwo sou teren ajans travay federal la òganize plizyè evènman ak pwojè kote travayè, anplwaye, òganizasyon, ak kominote yo ka patisipe. Men kèk aktivite ki abitye fèt pandan Semèn Dwa Travay la:

  • Seyans atelye ak fòmasyon
  • Kanpay sansibilizasyon ak edikasyon
  • Evènman ak jounen pou moun vin aprann nan kominote a
  • Èd legal ak konsiltasyon*
  • Kanpay nan medya

Aktivite sa yo pandan Semèn Dwa Travay la fèt pou bay travayè yo mwayen yo bezwen, ranfòse pwoteksyon nan travay yo, epi ankouraje yon anviwònman respè ak jistis nan espas travay la. Lè l fè moun yo, òganizasyon yo ak kominote yo patisipe, Semèn Dwa Travay la kontribiye nan pi gwo objektif la ki se diyite, egalite, ak jistis pou tout travayè yo.

*Nan kèk sitiyasyon, Semèn Dwa Travay la ka ofri opòtinite pou travayè yo resevwa konsèy legal, konsiltasyon, ak referans pou yo chèche èd pou vyolasyon ki ka gen nan dwa yo gen nan travay la.