Vèsyon enprimant-zanmitay

Se pa konsa yon moun kapab genyen sekirite finansyè nan moman l pral pran retrèt. Sa mande planifikasyon, angajman epi, lajan tou.

Enfòmasyon

  • Se sèlman anviwon mwatye Ameriken yo ki kalkile kantite lajan yo bezwen ekonomize pou retrèt yo.
  • Nan ane 2022, plis pase youn sou kat travayè nan endistri prive ki gen aksè nan yon pwogram kontribisyon (tankou yon plan 401(k)) pa t patisipe.
  • Sitwayen Ameriken òdinè an fè anviwon 20 lane nan retrèt.

Kidonk mete lajan sou kote se yon abitid nou tout kapab viv ak li.

Sonje... Li Enpòtan pou w Ekonomize!

1. Kòmanse ekonomize, kontinye ekonomize epi rete konsantre sou objektif ou yo

Si ou deja ap ekonomize, kèlkeswa pou retrèt osw ayon lòt objektif, kontinye fè sa! Ou konnen ekomoni se yon abitid ki pote bon rezilta. Si ou p ap ekonomize, moman an rive pou w kòmanse fè sa. Kòmanse fè sa tipa tipa epi eseye ogmante kantite sa w ap ekonomize chak mwa an. Plis ou kòmanse bonè, se plis tan lajan w ap genyen pou l grandi (gade nan tablo ki pi ba an). Fè epay pou retrèt tounen yon priyorite pou ou. Kreye yon plan, konsantre sou li, epi tabli objektif. Sonje, li pa janm twò bonè oswa twò ta pou kòmanse ekonomize.

2. Konnen ki bezwen ou genyen pou kapab pran retrèt ou

Retrèt se yon bagay ki mande anpil lajan. Ekspè yo estime ou pral bezwen 70 rive 90 pousan nan revni w anvan retrèt la pou w kenbe mòd vi w genyen an lè w sispann travay. Pran responsabilite avni finansye w. Sa ki pi enpòtan pou w gen yon bon retrèt se preparasyon alavans. Kòmanse pandan w ap fè demann Antrènman pou Epay: Yon Gid pou Ede w Jere Lajan w ak Lavni Finansye w epi, pou moun ki prèske nan laj pou retrèt yo, Taking the Mystery Out of Retirement Planning. (Gade nan pati dèyè an pou w kapab fè kòmann yon kopi.)

3. Kontribiye nan plan epay pou retrèt antrepriz kote w ap travay la tabli an

Si antrepriz w ap travay ladan l ofri w yon plan epay pou retrèt, tankou yon plan 401(k), enskri epi kontribiye ladan l nan nivo w kapab. Taks ou yo ap pi ba, konpayi w w ap travay ladan l lan kapab patisipe plis epi dediksyon otomatik yo rann sa pi fasil. Epi tanzantan, enterè akimile yo ak transfè fiskal yo fè yon gwo diferans nan kantite ou pral akimile an. Chèche konnen plis bagay konsènan plan w lan. Pa egzanp, konbyen ou pral bezwen kontribiye pou w jwenn kontribisyon konplè antrepriz w ap travay ladan l lan epi pandna konbyen tan w pral bezwen rete nan plan an pou w jwenn kòb sa.

AVANTAJ KI GENYEN NAN KÒMANSE BONÈ

Kòmanse kounye a! Tablo sa montre ou gen posibilite akimile nan 5, 15, 25 epi 35 lane si ou ekonomize $6,500 chak mwa epi si lajan w lan gen yon ogmantasyon 7% chak ane.

Yon ba grafik ki montre akimilasyon lajan $200,000 pou plis ke trant ane, divize an peryòd de dis ane

4. Chèche konnen plis sou plan pansyon antrepriz w ap travay ladan l lan

Si antrepriz w ap travay ladan l lan gen yon plan pansyon tradisyonèl, verifye pou w wè si ou anba kouvèti plan an epi chèche konprann kijan li fonksyone. Mande yon deklarasyon avantaj endividyèl pou w wè kisa avantaj ou an vo. Anvan w chanje travay ou, chèche konnen kisa k ap rive avantaj pansyon w lan. Aprann konnen ki avantaj ou ta kapan genyen atravè yon konpayi w t ap travay ladan l anvan. Chèche konnen si w ap vin genyen dwa ak avantaj ou yo atravè plan konjwen w lan. Pou w jwenn plis enfòmasyon, fè demann pou Sa Ou Dwe Konnen Konsènan Plan Retrèt ou an. (Gade nan pati dèyè an pou w kapab fè kòmann yon kopi.)

5. Panse sou prensip envestisman debaz yo

Fason w fè epay lan kapab enpòtan menm jan ak kantite w ap ekonomize an. Enflasyon ak kategori envestisman ou fè yo gen yon wòl enpòtan nan konbyen lajan w ap gentan ekonomize anvan retrèt la. Konnen kijan yo envesti lajan w epaye yo oswa plan pansyon w lan. Chèche konnen opsyon plan envestisman w epi poze kesyon. Mete epay ou yo nan plizyè kategori envestisman. Lè w fè plizyè chwa konsa, ou redui risk ki genyen nan envestisman epi sa ap amelyore randman w yo. Kobinezon envestisman w yo kapab chanje detanzantan sa depan yon kantite faktè tankou laj, objektif, ak sitiyasyon finansyè w. Sekirite finansyè ak konesans mache youn ak lòt.

6. Pa manyen lajan w ap ekonomize pou retrèt ou an

Si ou sòti nan lajan w ap ekonomize pou retrèt ou an kounyea, ou ap pèdi kapital lajan an ak enterè epi ou kapab pèdi avantaj fiskal oswa w ka gen pou w peye sanksyon pou retrè w fè nan lajan yo. Si w chanje travay, kite lajan epay ou envesti yo nan plan retrèt ou genyen kounye a, oswa transfere yo ale nan yo IRA oswa nan nouvo plan w genyen nan antrepriz w ap travay kounyea.

7. Mande antrepriz w ap travay ladan l lan pou l kòmanse yon plan

Si antrepriz w ap travay ladan l lan pa ofri yon plan retrèt, pale ak li pou l kapan kòmanse ak youn. Gen yon gran kantite opsyon plan epay pou retrèt ki disponib. Antrepriz w ap travay ladan l lan (oswa chèf antrepriz la) kapab gen kapasite pou tabli yon plan ki pi senp ki kapab ede w ni ou ni i menm. Pou plis enfòmasyon, fè demann yon kopi nan Choosing a Retirement Solution for Your Small Business. (Gade nan pati dèyè an pou w jwenn plis enfòmasyon.)

8. Depoze lajan nan yon Kont Retrèt Endividyèl

Ou kapab mete jiska $6,500 chak ane nan yon Kont Retrèt Endividyèl (Individual Retirement Option, IRA); Ou kapab kontribiye plis toujou si ou gen 50 lane oswa plis. Ou kapab kòmanse ak mwens pase sa tou. IRA yo ofri avantaj fiskal tou.

Lè ou ouvè yon IRA, ou gen de (2) opsyon - yon IRA tradisyonèl oswa yon Roth IRA. Trètman fiskal kontribisyon ak retrè w yo pral gen pou wè ak opsyon w chwazi yo. Epi tou, valè aprè taks retrè w yo pral gen pou wè ak enflasyon epi kategori IRA ou chwazi an. IRA yo kapab ofri yon mwayen ki fasil pou ekonomize. Ou kapab tabli l pou kantite an tou sòti ladan l yon fason otomatik apati kont chèk oswa epay ou an epi tou al depoze nan IRA an.

9. Chèche konnen avantaj Sekirite Sosyal ou yo

An mwayèn, avantaj Sekirite Sosyal yo ranplase 40 pousan nan revni anvan retrèt benefisyè yo. Sepandan, pòsyon nan lajan ou fè a avantaj retrèt Sekirite Sosyal yo ap ranplase sa depannde lajan ou rantre ak laj ou chwazi pou kòmanse resevwa avantaj yo. Ou kapab estime avantaj ou an pandan w ap itilize zouti estimasyon ki disponib sou sit entènèt Administrasyon Sekirite Sosyal. Pou plis enfòmasyon, ale sou sit entènèt yo an oswa rele nan 1-800-772-1213.

10. Poze Kesyon

Pandan nou konnen konsèy sa yo gen objektif pou oryante w nan bon direksyon an, nou ap fè w konnen w ap bezwen plis enfòmasyon sou sijè an. Li piblikasyon nou yo ki afiche nan do an. Pale ak antrepriz w ap travay ladan an (oswa chèf antrepriz la), bank ou an, sendika w lan, oswa yon konseye finansye. Poze kesyon epi asire w konprann repons yo ba ou yo. Chèche jwenn konsèy pratik epi aji kounyea.

Pou Plis Enfòmasyon:

Ale sou sit entènèt Administrasyon Sekirirte Benefis Anplwaye pou w jwenn piblikasyon ki pi ba yo:

  • Antrènman pou Epay: Yon Gid pou Ede w Jere Lajan w ak Lavni Finansye w
  • Sa Ou Dwe Konnen Konsènan Plan Retrèt ou an
  • Taking The Mystery Out Of Retirement Planning
  • Filing a Claim for Your Retirement Benefits
  • Women and Retirement Savings
  • Retirement Toolkit
  • Choosing a Retirement Solution for Your Small Business

Pou fè kòmann kopi, kontakte EBSA anliy oswa rele san peye nan 1-866-444-3272.

Sit entènèt ki pi ba yo kapab ede w anpil tou: