Entwodiksyon

Yon plan sante ede travayè yo ansanm ak fanmi yo satisfè bezwen medikal esansyèl yo genyen. Se youn nan avantaj ki pi enpòtan yon enstitisyon ki gen moun k ap travay ladan l kapab ofri.

Dapre Lwa Rekonsilyasyon Bidjetè Global la (the Consolidated Omnibus Budget Reconciliation Act, COBRA), plizyè anplwaye ansanm ak fanmi yo ki ta kapab pèdi kouvèti asirans sante kolektif poutèt evènman grav nan lavi yo kapab kontinye benefisye asirans sa a nan plan sante kolektif enstitisyon ki ba yo travay la pandan yon tan limite, sa ki pral fèt jeneralman ak lajan pòch yo.

Ti liv sa a eksplike dwa ou genyen dapre lwa COBRA pou w benefisye yon pwolongasyon tanporè kouvèti asirans sante kolektif enstitisyon w ap travay ladan l lan bay, ki rele kouvèti pwolonje COBRA. Li pral:

  • Bay yon eksplikasyon jeneral dwa w ak responsabilite w dapre COBRA;
  • Dekri règleman COBRA plan sante kolektif yo ta dwe suiv;
  • Prezante dwa ou genyen pandan w ap resevwa kouvèti pwolonje COBRA a.

Kisa Kouvèti Pwolonje COBRA a ye?

Lwa Rekonsilyasyon Bidjetè Global la (the Consolidated Omnibus Budget Reconciliation Act, COBRA) egzije majorite plan sante kolektif yo pou yo bay yon pwolongasyon tanporè pou kouvèti sante kolektif ki ta kapab kanpe, si sa pa fèt. COBRA egzije majorite plan sante kolektif yo pou yo ofri pwolongasyon kouvèti pou anplwaye ki asire yo, ansyen anplwaye yo, konjwen, èks konjwen, ak timoun ki sou kont anplwaye sa a yo lè kouvèti sante kolektif la ta va pa disponib ankò akoz sèten evènman. Pami evènman sa a yo, nou jwenn:

  • Lanmò yon anplwaye ki asire,
  • Yon anplwaye ki asire ki pèdi travay li oswa yo redui kantite èdtan travay anplwaye sa a pou rezon ki pa move konpòtman,
  • Yon anplwaye ki asire ki vin gen dwa pou li benefisye Medicare,
  • Divòs oswa separasyon legal yon anplwaye ki asire, ak
  • Yon timoun ki vin pa gen estati timoun ki sou kont anplwaye a ankò (sa ki fè li tou pèdi kouvèti asirans lan tou) nan kad plan an.

Enstitisyon k ap bay travay yo kapab mande chak grenn moun ki chwazi pwolongasyon kouvèti asirans lan pou yo peye tout lajan kouvèti an koute a, plis yon frè adminsitrasyon 2 pousan. Prim pwolongasyon kouvèti asirans lan souvan pi chè pase kantite lajan anplwaye aktif yo gen pou yo peye a paske enstitisyon ki ba yo travay la souvan peye yon pati nan pri kouvèti asirans anplwaye ki aktif yo. Pwolongasyon kouvèti asirans COBRA a ap dire yon peryòd tan limite sèlman.

COBRA aplike jeneralman sou tout plan sante kolektif ki anba kontwòl enstitisyon sektè prive ki gen omwen 20 anplwaye oswa sou tout plan sante kolektif ki anba kontwòl biwo gouvènman eta oswa lokal yo Sepandan, lalwa pa aplike sou plan ki jwenn esponnsò bòkote gouvènman federal oswa legliz yo ak kèk òganizasyon ki danse kole ak legliz. Plizyè eta genyen lwa ki sanble ak COBRA, ladan yo sa ki aplike sou konpayi asirans sante enstitisyon ki gen mwens pase 20 anplwaye yo (yo souvan rele yo mini-COBRA). Tcheke biwo responsab asirans eta w la pou w kapab verifye si kalite kouvèti asirans sa a disponib pou ou.

Dapre lwa COBRA a, yon plan sante kolektif se nenpòt aranjman yon enstitisyon tabli oswa mentni pou bay anplwaye yo oswa fanmi yo swen medikal, kit se atravè yon asirans, kit se gras a yon òganizasyon jesyon sante, kit se nan aktif enstitisyon sa a, oswa gras a lòt mwayen. Nan kad sa a, "Swen Medikal" yo gen ladan yo:

  • Swen lopital pou pasyan ki entène ak pasyan ki pa entène,
  • Swen doktè,
  • Chiriji ak lòt avantaj medikal enpòtan,
  • Medikaman preskripsyon, ak
  • Swen dan ak swen je.

Asirans vi ak avantaj pou moun andikape yo pa antre nan kad "swen medikal". COBRA pa kouvri plan ki bay asirans vi oswa avantaj pou moun andikape sèlman.

Plan sante kolektif COBRA kouvri ki jwenn esponnsò nan men enstitisyon sektè prive yo jeneralman anba kontwòl Lwa Sekirite Revni pou Pansyon Anplwaye a (Employee Retirement Income Security Act, ERISA). ERISA pa egzije enstitisyon yo genyen plan oswa bay okenn kalite oswa nivo avantaj espesyal, men li mande pou plan yo suiv règleman ERISA yo. Epitou, ERISA bay patisipan yo ak benefisyè yo sèten dwa lalwa kapab aplike.

Lòt Opsyon Ki Genyen Apre Kouvèti Pwolonje COBRA a

Si w gen dwa pou w chwazi yon kouvèti pwolonje COBRA, ou ta dwe konsidere tout opsyon yo anvan ou pran yon desizyon. Kapab gen opsyon kouvèti asirans sante ki mwen chè oswa ki ofri plis avantaj pou ou ansanm ak fanmi w nan yon lòt kouvèti plan sante kolektif (egzanp, yon plan konjwen), Health Insurance Marketplace® (Mache Asirans Sante), Medicare, oswa Medicaid.

Dapre Lwa sou Pòtabilite ak Responsabilite Asirans Maladi a (Health Insurance Portability and Accountability Act, HIPAA), si ou menm oswa moun ki sou kont ou yo ta vin pèdi kalifikasyon yo pou benefisye yon asirans sante kolektif, tankou yon kouvèti pwolonje, w ap kapab enskri yon fason espesyal nan lòt kouvèti asirans sante kolektif san w pa bezwen rete tann pwochen peryòd òdinè a. Pa egzanp, yon anplwaye ki pèdi kouvèti asirans sante kolektif li an kapab gen posibilite pou li enskri nan yon plan konjwen nan yon peryòd enskripsyon espesyal, oswa yon moun ki sou kont anplwaye a ki pèdi kalifikasyon li pou kouvèti asirans sante kolektif kapab enskri nan yon plan paran ki diferan. Pou jwenn opòtinite enskripsyon espesyal, ou menm oswa moun ki sou kont ou an dwe te deja kalifye anvan sa pou plan ou vle enskri ladan l kounye a epi nou dwe te deja gen yon lòt kouvèti asirans sante nan moman yo te premye ofri nou plan sa a. Ou dwe fè yon demann enskripsyon espesyal nan yon espas 30 jou apre w fin pèdi yon lòt kouvèti asirans.

Lè w pèdi kouvèti asirans sante travay ou a, sa ba w tou opòtinite pou w enskri nan Asirans Sante Marketplace la (Health Insurance Marketplace®). Marketplace la pèmèt ou jwenn epi konpare opsyon asirans sante prive yo. Gras a Marketplace la, ou kapab kalifye pou yon kredi enpo (kredi taks) ki redui prim chak mwa w yo epi tou pou yon rediksyon pataj depans yo sou dediktib ou yo, koasirans ou a ak kopeman w yo.

Lè yo ofri w opsyon kouvèti pwolonje COBRA a, sa pa limite kalifikasyon w pou kouvèti Marketplace la oswa pou yon kredi enpo (kredi taks). Ou kapab aplike pou kouvèti Marketplace la nan HealthCare.gov oswa pandan w ap rele 1-800-318-2596 (TTY 1-855-889-4325). Pou w kapab enskri yon fason espesyal nan yon plan Marketplace, ou dwe chwazi yon plan nan espas 60 jou anvan oswa apre w fin pèdi kouvèti asirans travay ou a. Epi tou, nenpòt moun kapab enskri nan kouvèti asirans Marketplace la pandan yon peryòd enskripsyon òdinè. Si ou bezwen kouvèti asirans lè ou fin pèdi kouvèti asirans travay ou a ak lè ou pral kòmanse jwi kouvèti asirans Marketplace la (pa egzanp, si ou menm oswa yon manm fanmi w bezwen swen medikal), sa ka rive ou vle chwazi yon kouvèti asirans COBRA nan plan enstitisyon kote ou t ap travay la te ofri a. Lè sa a, w ap gen kouvèti asirans jiskaske kouvèti asirans Marketplace la kòmanse.

Gras a Marketplace la, ou kapab konnen tou si w kalifye pou kouvèti asirans gratis oswa a ba pri nan Medicaid oswa nan Pwogram Asirans Sante pou Timoun nan (Children’s Health Insurance Program, CHIP). Ou kapab aplike pou Medicaid ak CHIP epi enskri ladan yo an menm tan. Si w kalifye, kouvèti w lan ap kòmanse tousuit. Ale sou HealthCare.gov oswa rele nan 1-800-318-2596 (TTY 1-855-889-4325) pou w kapab jwenn plis enfòmasyon oswa pou w aplike nan pwogram sa a yo. Ou kapab aplike tou pou Medicaid lè w kontakte biwo Medicaid pou eta w ap viv ladan l lan epi ou kapab konnen plis konsènan pwogram CHIP nan eta w ap viv la tou lè w rele 1-877-KIDS NOW (543-7669) oswa ale sou InsureKidsNow.gov.

Si ou menm oswa moun ki sou kont ou a chwazi kouvèti pwolonje COBRA a, nou kapab mande yon enskripsyon espesyal nan yon lòt plan sante kolektif oswa yon lòt plan Marketplace si w vin gen yon nouvo sitiyasyon nan lavi w ki mande yon enskripsyon espesyal, tankou yon maryaj, yon timoun ki fenk fèt, oswa si ou sèvi ak tout kouvèti COBRA w la. Pou w sèvi ak tout kouvèti COBRA w la, ou menm oswa moun ki sou kont ou an dwe resevwa peryòd maksimòm kouvèti COBRA ki disponib lan san anilasyon alavans. Toujou sonje si ou chwazi anile kouvèti COBRA w la alavans san pa gen okenn opòtinite enskripsyon espesyal nan moman an, ou pral oblije tann jiska pwochen peryòd enskripsyon òdinè a pou w kapab enskri nan kouvèti asirans atravè yon lòt plan sante kolektif oswa Marketplace la.

Medicare se pwogram asirans sante federal la pou moun ki gen laj 65 an oswa plis epi pou sèten moun ki pi jèn ki gen andikap oswa ki gen maladi ren nan faz tèminal. Jeneralman, si w pèdi travay ou apre premye peryòd enskripsyon w lan nan Medicare epi ou pa t enskri nan Pati A oswa B Medicare, ou gen yon peryòd enskripsyon espesyal 8 mwa ki disponib pou ou, ki ap kòmanse nan lè ki vini anvan nan sa nou pral di la a yo:

  • Mwa apre ou fin pèdi travay ou a; oswa
  • Mwa apre kouvèti asirans sante kolektif ou a fini an.

Si w chwazi kouvèti COBRA a olye w pran pa Medicare lan, ou kapab gen pou w peye yon penalite pou enskripsyon anreta epi ou kapab gen yon twou vid nan kouvèti asirans ou an si pita ou deside ou vle Pati B a. Si ou enskri nan Pati A oswa B Medicare anvan kouvèti COBRA w lan fini, plan w lan kapab mete fen nan kouvèti pwolonje w la. Sepandan, si Pati A oswa B Medicare lan antre an vigè nan dat ou te chwazi COBRA a oswa anvan dat sa a, plan w lan pa kapab kanpe kouvèti COBRA w la poutèt dwa ou genyen pou benefisye Medicare menm si ou enskri nan lòt pati Medicare la apre ou fin chwazi kouvèti COBRA a.

Jeneralman, si w enskri nan ni COBRA ni Medicare, Medicare se va enstitisyon ki ap peye an premye a epi kouvèti COBRA a ap peye an dezyèm. Enstitisyon ki ap peye an dezyèm lan kapab pa peye tout depans ki pa kouvri yo. Gen sèten plan ki kapab peye kòmsi yo te vini an dezyèm apre Medicare, menm si ou pa enskri nan Medicare. Pou plis enfòmasyon, ale sou medicare.gov/medicare-and-you.

Ki Moun ki Gen Dwa Benefisye Kouvèti Pwolonje a?

Ou dwe ranpli twa kondisyon debaz pou w kapab gen dwa chwazi kouvèti pwolonje COBRA a:

  • COBRA dwe kouvri plan sante kolektif ou a;
  • Yon Evènman Kalifikasyon dwe rive; epi
  • Ou dwe yon benefisyè kalifye pou evènman sa a.

Kouvèti Plan

COBRA kouvri plan sante kolektif ki jwenn esponnsò yon enstitisyon ki anplwaye moun (sektè prive oswa gouvènman eta/lokal) ki te gen omwen 20 anplwaye pandan plis pase 50 pousan jou fonksyonnman òdinè li yo nan ane almanak ki sot pase a. Yo konte anplwaye a tan plen ansanm ak sa ki a tan pasyèl yo nan kalkil pou konnen si se COBRA ki ap di kijan pou yon plan fonksyone. Chak anplwaye a tan pasyèl antre nan kalkil la antanke yon pati nan yon anplwaye a tan plen, kote ti pati sa a egal a kantite èdtan anplwaye a fè ap travay la divize pa èdtan yon anplwaye ta dwe fè ap travay pou yo konsidere li se yon anplwaye a tan plen. Pa egzanp, si yon anplwaye a tan plen nan enstitisyon A travay pandan 40 èdtan nan yon semèn, yon anplwaye a tan pasyèl ki travay pandan 20 èdtan nan yon semèn ap konte antanke mwatye yon anplwaye a tan plen, epi yon travayè a tan pasyèl ki travay pandan 16 èdtan pa semèn konte antanke kat dizyèm (4/10) yon anplwaye a tan plen.

Evènman Kalifikasyon

"Evènman Kalifikasyon" yo se evènman ki lakòz yon moun vin pèdi kouvèti asirans kolektif li an. Kalite Evènman Kalifikasyon a detèmine ki moun sa a yo ki se benefisyè kalifye epi pandan ki peryòd tan yon plan dwe ofri kouvèti pwolonje. COBRA tabli egzijans minimòm yo sèlman pou kouvèti pwolonje. Yon plan kapab toujou chwazi pou li bay peryòd kouvèti pwolonje ki pi long epi/oswa kontribiye nan depans lan.

Sa nou pral di la a yo se Evènman Kalifikasyon pou yon anplwaye ki asire si yo ta vin lakòz anplwaye sa a pèdi kouvèti li an:

  • Anplwaye asire an vin pèdi travay li pou nenpòt rezon ki pa yon "move konduit", oswa
  • Rediksyon kantite èdtan travay anplwaye ki asire a.

Sa nou pral di la a yo se Evènman Kalifikasyon pou yon konjwen oswa timoun ki sou kont yon anplwaye ki asire si toutfwa yo lakòz konjwen an oswa timoun ki sou kont anplwaye a pèdi kouvèti a:

  • Anplwaye asire a vin pèdi travay li pou nenpòt rezon ki pa yon "move konduit,"
  • Rediksyon kantite èdtan travay anplwaye ki asire a,
  • Anplwaye asire a vin gen dwa pou li benefisye Medicare,
  • Divòs oswa separasyon legal ak anplwaye ki asire a, oswa
  • Lanmò anplwaye ki asire a.

Mete sou sa nou di pi wo a, sa nou pral di la a se yon Evènman Kalifikasyon pou yon timoun ki sou kont anplwaye asire a si li ta lakòz timoun nan pèdi kouvèti asirans li:

  • Pèt estati "timoun ki sou kont anplaye a" selon règleman plan yo. Dapre Lwa sou Swen pou Tout Moun la, plan ki ofri kouvèti pou timoun yo nan plan paran yo, li dwe fè kouvèti asirans lan disponib jiskaske timoun nan rive nan laj 26 zan.

Benefisyè kalifye

Yon benefisyè kalifye se yon anplwaye, nan jou anvan sitiyasyon kalifikasyon a rive a, ki te asire nan yon plan sante kolektif poutèt li te yon anplwaye asire oswa li te konjwen, èks konjwen oswa timoun ki sou kont yon anplwaye asire. Se sèlman kèk moun ki kapab vin benefisyè kalifye poutèt yon sitiyasyon kalifikasyon, epi kategori Evènman Kalifikasyon an ap detèmine kiyès ki kapab vin yon benefisyè kalifye lè sa rive. Yon benefisyè kalifye dwe yon anplwaye asire, konjwen oswa èks konjwen anplwaye a, oswa timoun ki sou kont anplwaye a. Nan kèk ka kote enstitisyon ki bay travay la fè fayit, yon anplwaye ki pran retrèt li epi konjwen li, èks konjwen li, oswa timoun ki sou kont li kapab vin benefisyè kalifye. Mete sou sa, y ap konsidere nenpòt timoun yon anplwaye asire ta vin genyen, menm si se adopsyon, pandan yon peryòd kouvèti pwolonje, kòm yon benefisyè kalifye. Ajan, kontraktè endepandan, ak direktè ki ap travay pou yon enstitisyon ki ap patisipe nan plan sante kolektif la, yo kapab vin benefisyè kalifye tou.

Pwosedi pou Kominikasyon ak Chwa nan COBRA

Dapre lwa COBRA a, plan sante kolektif yo dwe bay anplwaye asire yo ansanm ak fanmi yo Kominikasyon espesifik ki eksplike dwa yo genyen selon COBRA. Plan yo dwe genyen tou pwosedi sou kijan yo ofri kouvèti pwolonje COBRA a, kijan benefisyè kalifye yo kapab chwazi kouvèti pwolonje, epi kilè li kapab kanpe.

Pwosedi Kominikasyon yo

Deskripsyon Plan an an Rezime

Dwa COBRA yo bay nan kad plan an dwe dekri nan Deskripsyon Plan an an Rezime (Summary Plan Description, SPD). SPD a se yon dokiman ekri ki bay enfòmasyon enpòtan sou plan an, ansanm ak ki avantaj ki disponib selon plan an, dwa patisipan ak benefisyè yo nan kad plan an, epi sou kijan plan an fonksyone. ERISA egzije pou plan sante kolektif yo ba w yon SPD nan espas 90 jou apre w vin yon patisipan nan plan an (oswa nan espas 120 jou apre ERISA di kijan pou plan an fonksyone). Mete sou sa, si genyen chanjman materyèl anndan plan an, plan an dwe ba w yon Rezime Modisfikasyon Materyèl (Summary of Material Modifications, SMM) anvan 210 jou apre fen ane plan an, ane lè chanjman yo vin antre an vigè a. Si patisipan yo ta konsidere chanjman an se yon rediksyon enpòtan nan sèvis oswa avantaj ki asire yo, administratè plan an dwe mete SMM lan disponib nan yon espas 60 jou apre rediksyon an adopte. Si yon patisipan ki asire oswa yon benefisyè fè yon demann ekri pou yon kopi dokiman sa a yo oswa nenpòt lòt dokiman plan, administratè plan an dwe soumèt yo nan espas 30 jou.

Kominikasyon Jeneral COBRA

Plan sante kolektif yo dwe bay chak anplwaye ak konjwen yon kominikasyon jeneral ki dekri dwa COBRA yo nan espas premye 90 jou kouvèti asirans yo. Plan sante kolektif yo kapab reponn a egzijans sa a pandan y ap mete kominikasyon jeneral la nan SPD plan an epi ba ou li ak konjwen ou nan limit tan sa a.

Kominikasyon jeneral la dwe genyen ladan li:

  • Non plan an ak non, adrès ak nimewo telefòn yon moun ou kapab kontakte pou plis enfòmasyon sou COBRA ak plan an;
  • Yon deskripsyon jeneral kouvèti pwolonje ki disponib nan plan an, ak
  • Yon eksplikasyon kisa ou dwe fè pou fè plan an konnen sitiyasyon kalifikasyon yo oswa andikap yo.

Kominikasyon Konsènan Evènman Kalifikasyon COBRA

Yon plan sante kolektif dwe ofri kouvèti pwolonje si toutfwa gen yon Evènman Kalifikasyon ki rive. Enstitisyon an, anplwaye a oswa benefisyè a dwe fè plan sante kolektif la konnen te gen yon sitiyasyon kalifikasyon ki rive, epi plan an pa oblije aji jiskaske li resevwa yon Kominikasyon ki apwopriye. Ki moun ki dwe bay Kominikasyon an, sa depan ki kalite Evènman Kalifikasyon ki rive.

Enstitisyon ki anplwaye moun nan dwe administratè plan yo konnen si evènman kalifikasyon an se:

  • Fen kontra travay oswa rediksyon kantite èdtan travay anplwaye asire a,
  • Lanmò anplwaye asire a
  • Anplwaye asire ki vin genyen dwa pou li benefisye kouvèti Medicare, oswa
  • Enstitisyon ki anplwaye moun nan fè fayit.

Enstitisyon ki anplwaye moun nan dwe fè plan an konnen sa anviwon 30 jou apre evènman an rive.

Ou menm (anplwaye ki asire a oswa youn nan benefisyè kalifye yo) ou dwe fè plan an konnen si evènman kalifikasyon an se:

  • Yon divòs,
  • Separasyon legal, oswa
  • Yon timoun ki vin pa gen estati timoun ki sou kont anplwaye a ankò nan kad plan an.

Ou ta dwe konprann règleman plan w lan konsènan kijan pou bay yon Kominikasyon si youn nan Evènman Kalifikasyon yo ta rive. Plan sante kolektif yo dwe genyen pwosedi ni nan Kominikasyon jeneral la ni nan SPD a sou kijan ou kapab bay yon Kominikasyon sou Evènman Kalifikasyon sa a yo. Plan an kapab tabli yon limit tan pou soumèt Kominikasyon sa a, men limit tan an pa kapab pi piti pase 60 jou, ki ap kòmanse nan dat ki pi ta nan dat sa nou pral di la a yo:

  • Dat Evènman Kalifikasyon an rive a,
  • Dat ou pèdi (oswa ta pèdi) kouvèti asirans lan dapre plan an poutèt Evènman Kalifikasyon an.
  • Dat ou resevwa enfòmasyon, atravè kominikasyon jeneral SPD a oswa COBRA a, konsènan responsabilite pou notifye plan an ak pwosedi pou fè sa.

Si plan w lan pa gen okenn pwosedi rezonab sou kijan pou fè sòti yon kominikasyon sou yon evènman kalifikasyon, ou kapab bay kominikasyon sou sa lè ou kontakte moun oswa inite ki ap jere dosye avantaj anplwaye yo nan enstitisyon w ap travay ladan l lan (egzanp, depatman resous imèn yo). Si plan w lan se yon plan ant plizyè enstitisyon ki anplwaye moun, ou kapab transmèt kominikasyon an bay konsèy administrasyon miks lan, epi, si plan an se yon konpayi asirans ki ap administre li (oswa si yo bay avantaj yo atravè yon asirans), ou kapab transmèt Kominikasyon an bay konpayi asirans lan.

Kominikasyon Chwa COBRA

Apre plan an fin resevwa Kominikasyon yon Evènman Kalifikasyon, li dwe bay benefisyè kalifye yo yon Kominikasyon chwa nan yon espas 14 jou. Kominikasyon chwa a dekri dwa yo genyen pou benefisye kouvèti pwolonje epi kijan pou yo fè yon chwa. Kominikasyon an dwe genyen ladan li tout enfòmasyon ou pral bezwen pou w konprann kouvèti pwolonje a epi pran yon desizyon enfòme sou si w ap chwazi li oswa ou p ap chwazi li. Kominikasyon an ta dwe ba w non administratè plan an tou epi li ta dwe di w kijan pou jwenn plis enfòmasyon.

Kominikasyon Non-Disponibilite Kouvèti Pwolonje COBRA

Plan sante kolektif yo kapab kèk fwa refize yon demann pou kouvèti pwolonje oswa pou yon ekstansyon menm kalite kouvèti sa a. Lè yon plan refize demann ou oswa demann nenpòt manm nan fanmi w fè pou kouvèti pwolonje oswa demann nou fè pou yon ekstansyon, plan an dwe ba ou, ou menm oswa manm fanmi w lan yon Kominikasyon non-disponibilite pou kouvèti pwolonje sa a nan yon espas 14 jou apre yo resevwa demann lan epi eksplike rezon ki fè yo refize demann lan.

Kominikasyon Anilasyon Alavans Kouvèti Pwolonje COBRA

Kouvèti Pwolonje a dwe jeneralman disponib pou yon peryòd maksimòm (18, 29, oswa 36 mwa). Plan sante kolektif la kapab anile kouvèti pwolonje a alavans, sepandan, pou yon sèten kantite rezon espesifik. (Al gade nan "Duration of Continuation Coverage" (Dire Kouvèti Pwolonje a).) Lè yon plan sante kolektif deside pou li anile kouvèti pwolonje a alavans pou nenpòt nan rezon sa a yo, plan an dwe voye yon Kominikasyon bay benefisyè kalifye a konsènan anilasyon alavans lan. Kominikasyon an dwe disponib dèke sa posib apre desizyon an pran, epi li dwe dekri nan ki dat kouvèti an ap anile, rezon ki fè anilasyon sa a ap fèt, epi nenpòt dwa benefisyè kalifye lan kapab genyen nan kad plan an oswa nan kad lwa aplikab yo pou chwazi lòt kouvèti kolektif oswa endividyèl.

Règleman Espesyal pou Plan Ant Plizyè Enstitisyon Ki Anplwaye Moun yo

Plan ant plizyè enstitisyon ki anplwaye moun yo, yo gen otorizasyon pou yo adopte kèk règleman espesyal pou Kominikasyon COBRA yo. Premyèman, yon plan ant plizyè enstitisyon ki anplwaye moun kapab adopte dat limit inifòm (inik) pa li pou Kominikasyon Evènman Kalifikasyon a oswa Kominikasyon chwa a. Yon plan ant plizyè enstitisyon ki anplwaye moun kapab chwazi pou l pa egzije enstitisyon ki anplwaye moun yo pou yo bay Kominikasyon Evènman Kalifikasyon yo, epi olye sa li kapab mande administratè plan an detèmine kilè yon Evènman Kalifikasyon te pase. Nenpòt règleman espesyal plan ant plizyè enstitisyon ki anplwaye moun, yo dwe ekri règleman sa a nan dokiman plan yo (ak SPD a).

Pwosedi Chwa

Plan w lan dwe ba w pou pi piti 60 jou pou w chwazi si ou vle oswa ou pa vle chwazi kouvèti asirans COBRA a, apati dat Kominikasyon chwa a disponib lan oswa dat ou ta dwe pèdi kouvèti a nan kad plan sante kolektif ou a poutèt Evènman Kalifikasyon a, selon dat ki vini pi ta a.

Chak benefisyè kalifye gen yon dwa endepandan pou chwazi kouvèti pwolonje. Sa vle di ni ou ni konjwen ou gen dwa pou chwazi kouvèti pwolonje, nou chak kapab fè yon chwa ki diferan. Sepandan, plan an dwe pèmèt ou ansanm ak konjwen w lan chwazi kouvèti pwolonje nan non tout lòt benefisyè kalifye yo pou menm Evènman Kalifikasyon a, si chwa a pa presize si se pou kouvèti pèsonèl. Yo dwe pèmèt tou pou yon paran oswa responsab legal yon benefisyè kalifye kapab chwazi nan non yon timoun minè.

Si ou renonse a kouvèti pwolonje pandan peryòd chwa a, yo dwe pèmèt ou pou pita ou kapab anile renonsyasyon kouvèti w la epi chwazi kouvèti pwolonje, toutotan ou fè sa anvan peryòd chwa a fini. Nan kèk ka, plan an kapab fè kouvèti pwolonje a kòmanse nan dat ou te anile renonsyasyon an.

Sèten patisipan nan Pwogram Asistans pou Ajisteman Echanj (Trade Adjustment Assistance, TAA) gen yon dezyèm opòtinite pou chwazi kouvèti pwolonje COBRA a:

  • Moun ki kalifye epi ki ap resevwa Alokasyon Reyajisteman Komèsyal yo,
  • Moun ki ta kapab kalifye pou resevwa Alokasyon Reyajisteman Komèsyal yo, men ki pa ko fin itilize tout avantaj asirans chomaj yo, epi
  • Moun ki ap resevwa avantaj selon Asistans Altènativ Ajisteman Komèsyal la oswa Asistans Ajisteman Komèsyal pou Anplwa apre Chomaj la, epi ki pa t chwazi COBRA pandan peryòd chwa jeneral l

Yo mezire dezyèm peryòd chwa sa a 60 jou apati premye jou nan mwa kote yo detèmine yon moun kalifye pou avantaj TAA nou te di anwo a epi moun nan resevwa kalite avantaj sa a yo. Pa egzanp, si peryòd chwa jeneral yon moun kalifye ta vin fini nan kòmansman mwa a, li ap genyen anviwon 60 jou pou li chwazi COBRA. Sepandan, si menm moun nan ta vin ranpli kondisyon kalifikasyon a nan fen mwa a, 60 jou yo ap toujou kòmanse nan premye jou mwa a, sa ki pral bay moun sa a anviwon 30 jou. Ou dwe chwazi COBRA pou pi plis 6 mwa apre pèt kouvèti ki gen pou wè ak TAA a. Kouvèti COBRA a jeneralman kòmanse nan premye jou peryòd sa a. Gen plis enfòmasyon sou Lwa Komèsyal la sou dol.gov/agencies/eta/tradeact.

Avantaj nan kad Kouvèti Pwolonje

Kouvèti pwolonje a dwe menm ak kouvèti ki disponib aktyèlman nan plan an pou anplwaye aktif ki nan yon sitiyasyon menm jan an epi tou pou fanmi anplwaye sa a yo. (Jeneralman, se menm kouvèti sa a ou te genyen imedyatman anvan Evènman Kalifikasyon a.) Ou dwe resevwa menm avantaj, chwa, ak sèvis yon patisipan oswa yon benefisyè ki nan menm sitiyasyon an ap resevwa aktyèlman nan plan an, tankou dwa pou w chwazi pami opsyon kouvèti ki disponib pandan yon peryòd enskripsyon òdinè. Ou gen pou w respekte menm règleman ak limit ki ta dwe aplike pou yon patisipan oswa benefisyè ki nan menm sitiyasyon, tankou egzijans kotizasyon, dediktib, ak limit kouvèti. Règleman plan an genyen pou depoze reklamasyon avantaj epi pou konteste (fè apèl) nenpòt refi reklamasyon, yo aplike tou

Nenpòt chanjman ki fèt nan kondisyon plan an ki aplike pou anplwaye aktif ki nan yon sitiyasyon menm jan an epi tou pou fanmi anplwaye sa a yo, chanjman sa a pral aplike pou benefisyè kalifye ki ap resevwa kouvèti pwolonje COBRA a. Si ou vin genyen oswa adopte yon timoun pandan peryòd kouvèti pwolonje a, y ap konsidere pitit ou an se yon benefisyè kalifye ki ap resevwa kouvèti pwolonje a yon fason otomatik. Plan an dwe bay pitit ou a opòtinite pou yo ajoute li nan kouvèti pwolonje a.

Dire Kouvèti Pwolonje a

Peryòd Maksimòm yo

COBRA egzije pou kouvèti pwolonje a kontinye apati dat Evènman Kalifikasyon a pandan yon peryòd limite 18 oswa 36 mwa. Kantite tan yo dwe fè kouvèti pwolonje a disponib la ("peryòd maksimòm" kouvèti pwolonje a), li depann de kalite evènman kalifikasyon a. Sepandan, yon plan kapab bay peryòd kouvèti ki pi long ki depase peryòd maksimòm lalwa egzije a.

Lè Evènman Kalifikasyon a se revokasyon anplwaye a (pou rezon ki pa yon move konduit) oswa rediksyon kantite èdtan travay yo, benefisyè kalifye yo, yo dwe kalifye pou 18 mwa kouvèti pwolonje.

Lè Evènman Kalifikasyon a se revokasyon oswa rediksyon kantite èdtan travay anplwaye a, epi anplwaye a vin gen dwa pou li benefisye Medicare mwens pase 18 mwa anvan evènman kalifye lan, kouvèti COBRA pou konjwen anplwaye a ak moun ki sou kont anplwaye a, yo dwe disponib pandan jiska 36 mwa apre dat lè anplwaye a vin gen dwa benefisye Medicare la. Pa egzanp, si yon anplwaye asire ta vin gen dwa pou li benefisye Medicare 8 mwa anvan dat yo revoke l nan travay la (nan ka sa a, revokasyon an se Evènman Kalifikasyon COBRA a), kouvèti COBRA pou konjwen li ak timoun li yo dwe disponib pandan 28 mwa pou pi plis (36 mwa mwens 8 mwa).

Pou tout lòt Evènman Kalifikasyon yo, benefisyè kalifye yo dwe resevwa 36 mwa kouvèti pwolonje.(1)

Anilasyon alavans

Yon plan sante kolektif kapab kanpe kouvèti pwolonje a anvan fen peryòd maksimòm lan pou nenpòt nan rezon nou pral di la a yo:

  • Yo pa peye prim yo konplètman nan lè sa ta dwe fèt la;
  • Enstitisyon ki anplwaye moun nan sispann jere nenpòt plan sante kolektif;
  • Yon benefisyè kalifye kòmanse resevwa kouvèti asirans nan yon lòt plan sante kolektif apre li fin chwazi kouvèti pwolonje;
  • Yon benefisyè kalifye vin gen dwa pou li resevwa avantaj Medicare yo apre li fin fè chwa kouvèti pwolonje a; oswa
  • Yon benefisyè kalifye enplike nan fwod oswa lòt move konduit ki ta kapab jistifye anilasyon kouvèti asirans yon patisipan oswa yon benefisyè ki nan sitiyasyon menm jan an ki pa p resevwa kouvèti pwolonje.

Si kouvèti pwolonje a kanpe alavans, plan an dwe bay benefisyè kalifye la yon Kominikasyon anilasyon alavans a. (Al gade nan "Pwosedi pou Kominikasyon ak Chwa nan COBRA".)

Si w deside kanpe kouvèti asirans COBRA w la alavans, jeneralman, ou p ap kapab enskri nan yon plan Marketplace andeyò peryòd enskripsyon òdinè a. (Al gade nan "Lòt Opsyon ki genyen apre Kouvèti Pwolonje COBRA a").

Ekstansyon yon Peryòd 18 Mwa Kouvèti Pwolonje

Gen de (2) sikonstans kote moun ki gen dwa benefisye peryòd maksimòm 18 mwa kouvèti pwolonje a kapab vin kalifye pou yon ekstansyon peryòd maksimòm sa a. Premye sikonstans lan se lè yon benefisyè kalifye vin andikape; dezyèm lan se lè yon dezyèm Evènman Kalifikasyon vin rive.

Andikap

Si youn nan benefisyè kalifye nan fanmi w andikape epi li ranpli kèk kondisyon, tout benefisyè kalifye nan fanmi w yo ap gen dwa pou yo benefisye yon ekstansyon 11 mwa nan peryòd maksimòm kouvèti pwolonje a (pou yon peryòd maksimòm total 29 mwa kouvèti pwolonje). Plan an kapab pran yon prim ki pi wo sou benefisyè kalifye yo, jiska 150 pousan depans kouvèti an, pandan ekstansyon 11 mwa pou andikap a.

Egzijans yo se pou, premyèman, Administrasyon Sekirite Sosyal la (SSA) detèmine ke benefisyè kalifye la andikape anvan 60yèm jou kouvèti pwolonje a epi, dezyèmman, ke andikap a ap kontinye pandan rès peryòd 18 mwa kouvèti pwolonje a.

Benefisyè kalifye ki andikape la (oswa yon lòt moun nan non li) dwe fè plan an konnen tou kisa SSA detèmine nan dosye a. Plan an kapab tabli yon limit tan pou soumèt Kominikasyon sa a, men limit tan an pa kapab pi piti pase 60 jou, ki ap kòmanse nan dat ki pi ta nan dat nou pral di la a yo:

  • Dat SSA detèmine andikap la;
  • Dat evènman kalifikasyon an rive a;
  • Dat benefisyè kalifye a pèdi (oswa ta pèdi) kouvèti asirans lan poutèt Evènman Kalifikasyon a; oswa
  • Dat benefisyè kalifye a resevwa enfòmasyon an, pandan yo ba li SPD a oswa Kominikasyon jeneral COBRA a, konsènan responsabilite pou notifye plan an ak pwosedi ki dwe suiv pou notifye plan an.

Dwa pou benefisye ekstansyon andikap a kapab kanpe si SSA detèmine benefisyè kalifye la pa andikape ankò. Plan an kapab egzije benefisyè kalifye ki andikape yo bay Kominikasyon lè gen yon detèminasyon konsa ki fèt. Plan an dwe bay benefisyè kalifye yo pou pi piti 30 jou apre detèminasyon SSA a pou yo bay Kominikasyon sa a.

Règleman sou kijan pou bay yon Kominikasyon andikap ak yon Kominikasyon ke ou pa andikape ankò, sa ta dwe byen eksplike nan SPD plan an (epi nan Kominikasyon chwa a pou nenpòt òf yon peryòd 18 mwa kouvèti pwolonje).

Dezyèm Evènman Kalifikasyon

Yon ekstansyon 18 mwa kapab disponib pou yon benefisyè kalifye pandan l ap resevwa yon peryòd maksimòm kouvèti pwolonje (sa ki vin bay yon total peryòd maksimòm 36 mwa kouvèti pwolonje) si benefisyè kalifye la ta vin sibi yon dezyèm sitiyasyon kalifikasyon, pa egzanp, lanmò yon anplwaye ki asire, divòs oswa separasyon legal anplwaye asire a ak konjwen an, anplwaye a ki vin gen dwa Medicare (nan kèk sikonstans), oswa pèd estati timoun ki sou kont yon anplwaye nan plan an. Dezyèm evènman an kapab yon dezyèm sitiyasyon kalifikasyon sèlman si li ta va lakòz benefisyè kalifye la pèdi kouvèti a nan plan an si toutfwa pa gen premye Evènman Kalifikasyon.

W ap gen pou w fè responsab plan yo konnen si gen yon dezyèm Evènman Kalifikasyon ki rive. Yo ta dwe byen eksplike règleman sou kijan pou bay Kominikasyon pou yon dezyèm Evènman Kalifikasyon nan SPD plan an (ak nan Kominikasyon chwa nenpòt òf yon peryòd 18 mwa kouvèti pwolonje). Plan an kapab tabli yon limit tan pou bay Kominikasyon sa a, men limit tan an pa kapab pi piti pase 60 jou ki ap kòmanse nan dat ki pi ta nan dat nou pral di la a yo:

  • Dat Evènman Kalifikasyon a rive a;
  • Dat ou pèdi (oswa ta pèdi) kouvèti asirans lan poutèt Evènman Kalifikasyon a.
  • Dat ou resevwa enfòmasyon an, pandan yo ba ou SPD a oswa Kominikasyon jeneral COBRA a, konsènan responsabilite pou notifye plan an ak pwosedi ki dwe suiv pou notifye plan an.

Rezime Evènman Kalifikasyon yo, Benefisyè kalifye yo, ak Peryòd Maksimòm Kouvèti Pwolonje

Tablo ki anba la a montre peryòd maksimòm, pandan peryòd sa a, yo dwe ofri kouvèti pwolonje a pou Evènman Kalifikasyon espesifik yo epi benefisyè kalifye ki gen dwa pou yo chwazi kouvèti pwolonje lè evènman espesifik lan rive. Sonje yon evènman se yon Evènman Kalifikasyon sèlman si li lakòz benefisyè kalifye la pèdi kouvèti li nan plan an.

Evènman KalifikasyonBenefisyè kalifyePeryòd Maksimòm Kouvèti Pwolonje
Revokasyon (pou rezon ki pa yon move konduit) oswa rediksyon nan kantite èdtan anplwa yoAnplwaye   
Konjwen   
Timoun ki sou Kont
18 mwa(2)
Enskripsyon Anplwaye nan MedicareKonjwen   
Timoun ki sou Kont
36 mwa(3)
Divòs oswa separasyon legalKonjwen   
Timoun ki sou Kont
36 mwa
Lanmò anplwayeKonjwen   
Timoun ki sou Kont
36 mwa
Pèt estati "timoun ki sou kont anplwaye a" selon règleman plan anTimoun ki sou Kont36 mwa

Peman pou Kouvèti Pwolonje

Plan sante kolektif ou a kapab egzije w pou w peye kouvèti pwolonje COBRA a. Kantite maksimòm yo fè benefisyè kalifye yo peye a pa kapab depase 102 pousan depans plan an pou moun yo ki nan menm sitiyasyon an ki asire nan kad plan an ki pa t sibi yon Evènman Kalifikasyon. Nan kalkil prim COBRA yo, plan an kapab enkli depans anplwaye a ak enstisyon kote l ap travay la peye yo, plis 2 pousan adisyonèl pou frè administrasyon.

Pou benefisyè ki kalifye yo ki ap resevwa ekstansyon kouvèti pwolonje pou andikap yo, pou mwa adisyonèl sa a yo prim lan kapab ogmante rive 150 pousan depans total kouvèti plan an.

Plan yo kapab ogmante prim COBRA yo pou benefisyè kalifye yo si depans plan an ogmante, men jeneralman plan yo dwe fikse prim yo anvan chak sik 12 mwa prim yo. Plan an dwe pèmèt ou peye prim obligatwa yo chak mwa si ou mande pou w fè sa konsa, epi li kapab otorize peman nan lòt entèval tan (pa egzanp, chak semèn oswa chak twa mwa). Kominikasyon chwa COBRA a ta dwe bay tout enfòmasyon ki nesesè konsènan prim COBRA yo, kilè pou peye yo, ansanm ak konsekans peman anreta yo ak absans peman yo.

Plan an pa kapab egzije w pou w peye yon prim lè ou fè chwa COBRA a. Li dwe bay omwen 45 jou apre ou fin fè chwa COBRA a (sa vle di, dat ou voye fòmilè chwa a ale lapòs la si se sèvis premye klas lapòs ou te chwazi) pou ou kapab fè yon premye peman prim. Si ou pa rive fè okenn peman anvan fen premye peryòd 45 jou an, plan an kapab anile dwa COBRA ou yo. Plan an dwe tabli dat limit pou tout prim yo, pou peryòd kouvèti ki vini apre yo, men li dwe bay yon peryòd gras yon minimòm 30 jou pou chak peman.

Si ou pa peye yon prim anvan premye jou yon peryòd kouvèti asirans, men w peye li nan peryòd gras lan, plan an kapab anile kouvèti w lan jiskaske yo resevwa peman an epi reyinisyalize kouvèti an pou l retounen menm jan l te ye nan kòmansman peryòd la. Plan an kapab kanpe kouvèti an si peman konplè a pa fèt anvan fen peryòd gras la.

Si montan peman ki fèt nan plan an pa kòrèk, men li pa twò piti pa rapò a kantite ki dwe a, plan an dwe fè w konnen gen yon pwoblèm sou sa epi ba w yon peryòd tan rezonab (pou sitiyasyon sa a, 30 jou se yon peryòd tan ki konsidere rezonab) pou peye diferans lan. Plan an pa oblije voye Kominikasyon sou prim yo chak mwa, men li dwe ba w yon Kominikasyon anilasyon alavans si li anile kouvèti pwolonje w la poutèt ou pa fè yon peman a tan.

Nan kad yon akò revokasyon, sèten enstitisyon kapab sibvansyone oswa peye tout depans kouvèti asirans sante a, ansanm ak kouvèti COBRA a, pou anplwaye ki revoke yo ak tout fanmi yo. Si w ap resevwa kalite avantaj sa a, pale ak administratè plan w lan konsènan kijan li gen enpak sou kouvèti COBRA w la oswa dwa enskripsyon espesyal ou yo.

Kredi Enpo (Kredi Taks) Kouvèti Asirans Sante a te ekspire nan dat 31 desanm 2021.

Si ou gen kesyon konsènan Kredi Enpo Kouvèti Asirans Sante a, ale sou IRS.gov/hctc.

Kowòdinasyon ak Lòt Lwa sou Avantaj Federal

Lwa sou Konje Familyal ak Medikal la mande pou enstitisyon yo jere kouvèti yo anndan nenpòt "asirans sante kolektif" pou anplwaye ki nan konje dapre Lwa sou Konje Familyal ak Medikal la nan kad menm tèm ak kondisyon kouvèti ki t ap disponib si anplwaye a te kontinye travay. Yon anplwaye kapab chwazi pa kontinye jere kouvèti asirans plan sante a pandan konje FMLA a. Sepandan, lè yon anplwaye retounen travay apre konje, anplwaye a genyen dwa pou yo reyinisyalize li nan kad menm kondisyon ak jan sa te ye anvan li te pran konje a, ansanm ak tout kouvèti asirans fanmi oswa moun ki sou kont li yo, san okenn peryòd kalifikasyon, egzamen fizik, eksklizyon kondisyon ki deja egziste, elatriye.

Kouvèti asirans sante kolektif ki disponib nan kad Lwa sou Konje Familyal ak Medikal la pandan yon konje medikal oswa familyal se pa yon kouvèti pwolonje COBRA, epi yon konje yon anplwaye pran nan kad Lwa sa a se pa yon evènman ki kalifye nan kad COBRA. Sepandan, yon Evènman Kalifikasyon nan kad COBRA kapab rive lè obligasyon enstitisyon ki anplwaye moun nan pou li mentni avantaj sante yo selon Lwa sou Konje Familyal ak Medikal la kanpe, pa egzanp lè yon anplwaye ki pran yon konje nan kad Lwa sou Konje Familyal ak Medikal la deside pa retounen vin travay epi menm anplwaye sa a fè enstitisyon kote li ap travay la konnen li pa gen entansyon tounen vin travay tou.

Lwa sou Swen pou Tout Moun nan bay pwoteksyon adisyonèl pou kouvèti nan kad plan sante kolektif pou anplwaye yo, tankou kouvèti pwolonje COBRA a. Pwoteksyon sa a yo se:

  • Ekstansyon kouvèti asirans pou timoun jiska laj 26 zan,
  • Entèdiksyon limit ak eksklizyon nan kouvèti pou kondisyon ki egziste deja,
  • Entèdiksyon limit lajan (limit dola) ànyèl oswa pèmanan pou kouvèti avantaj sante esansyèl yo, epi
  • Egzijans pou plan sante kolektif yo ak konpayi asirans yo bay yon rezime ki fasil pou konprann sou avantaj ak kouvèti yon plan sante.

Pwoteksyon adisyonèl ki kapab aplike sou plan enstitisyon w ap travay ladan l lan, gen ladan l kouvèti pou:

  • Kèk sèvis prevansyon (tankou, mezi tansyon, tès dyabèt ak kolestewòl, vizit regilye pou sante tibebe ak timoun, vaksinasyon woutin, ak plizyè depistaj kansè) san pataj depans; ak
  • Sèvis ijans nan yon depatman ijans anndan yon lopital ki pa anndan rezo plan w lan san yon apwobasyon alavans plan sante w lan.

Wòl Gouvènman Federal la

Se plizyè ajans ki ap administre lwa sou kouvèti pwolonje COBRA yo. Depatman Travay ak Depatman Trezò gen jiridiksyon sou plan sante kolektif sektè prive yo. Depatman Sante ak Sèvis Sosyal yo administre lwa kouvèti pwolonje a jan li aplike sou plan sante gouvènman eta yo ak gouvènman lokal yo.

Responsabilite entèpretasyon Depatman Travay la pou COBRA, li limite a egzijans divilgasyon ak Kominikasyon COBRA. Depatman Travay la te fè pibliye règleman sou dispozisyon Kominikasyon COBRA yo. Depatman Trezò a gen responsabilite entèpretasyon pou defini kouvèti pwolonje obligatwa yo. Sèvis Revni Entèn nan, Depatman Trezò a, te pibliye règleman sou dispozisyon COBRA ki gen pou wè ak kalifikasyon, kouvèti ak peman. Depatman Travay ak Trezò an pataje jiridiksyon pou aplikasyon dispozisyon sa a yo.

Resous

Si ou bezwen plis enfòmasyon sou COBRA, Lwa Swen pou Tout Moun la, HIPAA, oswa ERISA, ale sou dol.gov/ebsa. Oswa kontakte Administrasyon Sekirite Avantaj Anplwaye yo nan askebsa.dol.gov oswa rele gratis nan 1-866-444-3272.

Sant pou Sèvis Medicare ak Medicaid yo ofri enfòmasyon sou dispozisyon COBRA yo pou anplwaye sektè piblik yo. Pou w kapab jwenn plis enfòmasyon, ale sou cms.gov, oswa kontakte ajans lan pa imel nan phig@cms.hhs.gov oswa rele gratis nan 1-877-267-2323, eks. 6-1565.

Anplwaye federal yo anba kouvèti yon lwa federal ki sanble ak COBRA. Anplwaye sa a yo ta dwe kontakte biwo staf ki ap sèvi ajans yo an pou jwenn plis enfòmasyon sou ekstansyon tanporè avantaj sante.

Pou plis enfòmasyon sou Lwa Swen pou Tout Moun la, ale sou HealthCare.gov.

Gen plis enfòmasyon sou Lwa Konje Familyal ak Medikal la ki disponib nan dol.gov/whd oswa rele gratis nan 1-866-487-9243.

Pou plis enfòmasyon sou Medicare, ale sou Medicare.gov oswa rele 1-800-MEDICARE.

Pou plis enfòmasyon sou Pwogram Asistans Reyajisteman Komèsyal la (TAA), ale sou dol.gov/agencies/eta/tradeact/. Pou jwenn enfòmasyon konsènan Kredi Enpo Kouvèti Asirans Sante a, ale sou IRS.gov/hctc.

nòt anba yo

  1. Dapre COBRA, kèk moun ki nan pansyon ak fanmi yo ki resevwa kouvèti asirans sante apre retrèt nan men enstitisyon kote moun nan te ap travay la, yo gen dwa espesyal COBRA nan ka ke enstitisyon an ta vin enplike nan yon pwosedi fayit ki kòmanse nan dat premye jiyè 1986 oswa apre. Ti liv sa a pa dekri dwa COBRA pou gwoup sa a konplètman.
  2. Nan sèten sikonstans, benefisyè kalifye ki gen dwa pou 18 mwa kouvèti pwolonje yo kapab vin gen dwa pou yon ekstansyon andikap adisyonèl ki dire 11 mwa (sa ki fè yon total 29 mwa) oswa yon ekstansyon 18 mwa adisyonèl poutèt te gen yon dezyèm Evènman Kalifikasyon (pou yon total 36 mwa). (Al gade nan "Dire Kouvèti Pwolonje a".)
  3. Peryòd reyèl kouvèti pwolonje a kapab varye sa depan faktè tankou si te gen dwa pou sèvis Medicare yo ki te bay anvan oswa apre revokasyon anplwaye asire a oswa rediksyon nan kantite èdtan travay anplwaye sa a. Pou plis enfòmasyon, al gade nan Dire Kouvèti Pwolonje a oswa kontakte Administrasyon Sekirite Avantaj Anplwaye Depatman Travay la nan askebsa.dol.gov oswa rele gratis nan 1-866-444-3272.