Skip to page content
Wage and Hour Division
Bookmark and Share

Wage and Hour Division (WHD)

Printer-Friendly Version

Press Releases

U.S. Department of Labor
Wage and Hour Division
Release Number: 11-336-ATL (118)

Date: 

March 24, 2011

Contact: 

Michael D’Aquino - Michael Wald

Phone: 

(404) 562-2076 - (404) 562-2078

Depatman Travay Etazini a raple kiltivatè nan Sid Florid yo dwa yo genyen nan lwa pou travay timoun, salè, transpòtasyon pou gwoup travayè ak ijèn nan chan travay yo.


Gen envestigatè kap vizite plantasyon nan Sid Florid pou asire yo konfòm ak lwa yo

MIYAMI -- Divizyon Salè ak Lè Nan Depatman Travay Etazini a ap raple travayè agrikilti nan Sid Florid yo ke dwa yo pwoteje sou Lwa Pwoteksyon Travayè Agrikilti pou Migran ak Asezon yo, Lwa sou Nòm Travay Jis la ak Nòm Pou Ijèn Nan Chan Travay ki soti nan Lwa Sekirite ak Sante Nan Travay la. Prèske tout anplwaye kap fè travay agrikilti yo, pwoteje sou lwa federal paske yo pwodwi machandiz pou komès ant eta yo.

"Depatman Travay la angaje li pou fè respekte nòm travay yo ki pwoteje ak amelyore byenèt kiltivatè peyi a," Sekretè Travay Hilda L. Solis te di "Nou ap mache toupatou pou simaye pawòl la bay konpayi plantasyon ki bay travay sou kontra ak pwodiktè yo pou di yo oblije peye travayè yo salè yo travay pou li a."

Sezon prentan kap vini an, envestigatè Divizyon Salè ak Lè yo pral vizite plantasyon ki nan Sid Florid yo san yo pa anonse sa, pou yo asire yo anplwayè yo ap swiv lwa travay federal yo. Pandan ane ki sot pase a, envestigatè yo te rankontre ak gwoup plantasyon pou enfòme yo responsabilite yo parapò ak anplwaye agrikilti yo.

"Chak anplwayè responsab pou asire "sante ak sekirite" travayè yo", Sekretè Solis te ajoute. "Travayè yo pa sipoze ap riske lavi yo oswa riske sante yo pandan yap travay pou pran swen fanmi yo."

FLSA a etabli nòm pou salè minimòm, pèyman pou travay siplemantè ak limitasyon sou travay timoun. Lwa sa a pèmèt pou anplwaye kiltivatè nan laj 12 ak 16 ane, ak restriksyon. Pa gen restriksyon pou travayè ki gen 16 ane oswa pi gran kap fè travay nan plantasyon. FLSA a entèdi yo bay pifò moun ki gen pi piti pase 16 ane fè travay ki danjere. Jenn moun nenpòt laj kapab travay nenpòt lè epi fè nenpòt kalite travay nan yon plantasyon ki se pwopriyete paran li oubyen paran li ap opere li. Sinon, moun ki gen pi piti pase 12 ane pa ka ap travay nan aktivite plantasyon.

Pifò anplwayè agrikilti, asosiyasyon agrikilti ak konpayi plantasyon ki bay travay sou kontra dwe respekte MSPA a, ki pwoteje travayè migran ak travayè agrikilti asezon kote li etabli nòm travay ki gen pou wè ak salè, lojman, transpòtasyon, divilgasyon ak kontabilite. Epi tou MSPA a egzije konpayi plantasyon ki bay travay sou kontra yo enskri ak Depatman Travay la.Depatman an kenbe yon lis moun ak konpayi yo te anile otorizasyon pou yo opere tankou yon plantasyon ki bay travay sou kontra. Pou detèmine si yo te deklare yon konpayi pa kalifye, vizite http://www.dol.gov/whd/regs/statutes/mspa_debar.htm.

Pwovizyon ijèn nan chan travay Lwa OSH la egzije anplwayè ki kouvri yo pou bay twalèt, dlo pòtab pou bwè, kote pou lave men fasilman ak enfòmasyon sou bon pratik ijèn.

Pou kesyon sou kòman lwa Divizyon Salè ak Lè a jere, rele biwo distri nan Miyami a nan 305-596-9874 oswa rele liy èd gratis divizyon an nan 866-4US-WAGE (487-9243). Enfòmasyon sa yo disponib tou sou entènèt nan http://www.dol.gov/whd

###


U.S. Department of Labor releases are accessible on the Internet at www.dol.gov. The information in this news release will be made available in alternate format (large print, Braille, audio tape or disc) from the COAST office upon request. Please specify which news release when placing your request at (202) 693-7828 or TTY (202) 693-7755. The Labor Department is committed to providing America’s employers and employees with easy access to understandable information on how to comply with its laws and regulations. For more information, please visit www.dol.gov/compliance.