![[image]](images/logo.png)
Depatman Travay Etazini Ogmante
Angajman li Pou Asire
Opòtinite Travay Egal
Biwo Pwogram Konfòmite Kontra Federal - Kiyès Nou Ye?
Biwo Pwogram Konfòmite Kontra Federal la (OFCCP) se yon pati nan Depatman Travay Etazini a. Lwa a mete an aplikasyon entèdiksyon kont diskriminasyon nan travay epi li egzije pou moun ki genyen kontra federal yo pran bon jan etap pou asire ke tout moun genyen yon opòtinite egal pou travay, san gade sou ras, koulè, relijyon, sèks, orijin nasyonal, andikap, oubyen kondisyon yon veteran ki pwoteje.
OFCCP pap travay poukont li. Nou travay byen pwòch ak lòt ajans atravè Gouvènman Federal, tankou Depatman Lajistis ak Komisyon Pou Opòtinite Travay Egal.
Biwo Pwogram Konfòmite Kontra Federal - Kijan Nou Kapab Ede Travayè Kontaminasyon Petwòl la te Afekte yo?
Pandan ke se pa tout anplwaye nan Kòt Gòf la kap travay sou pwojè ki se akòz de kontaminasyon petwòl la kouvri sou jiridiksyon OFCCP, plizyè nan yo - sitou anplwayè ki pi gwo yo - depann de règ nou yo. Epi tou, menm si nou pa genyen otorite pou adrese pratik diskriminasyon ki afekte ou, kèk nan ajans federal sè nou yo gendwa ap kapab ede ou. Si ou bezwen plis enfòmasyon pou wè si anplwaye an patikilye oubyen pratik travay lan patikilye OFCCP kouvri, ou kapab ale sou sitwèb nou nan, www.dol.gov/ofccp. Yon seksyon an patikilye ou kapab twouve itil se "Kesyon Moun Poze Souvan", ki sou tèt paj dakèy nou an. Kòm yon altènatif, ou kapab kontakte nou nan youn nan nimewo yo ki sou paj 2 yo.
Ede travayè kontaminasyon petwòl la te afekte yo, ak asire ke tout dwa travayè yo pwoteje, se gwo priyorite pou Prezidan Obama, Sekretè Depatman Travay Hilda Solis, ak Direktè OFCCP, Patricia Shiu. OFCCP vle asire ke kote ki genyen kontra federal nan Kòt Gòf yo pap fè diskriminasyon kont yo akòz de ras, koulè, relijyon, sèks, orijin nasyonal, andikap, oubyen kondisyon yon veteran ki pwoteje.
Ansanm ak lòt responsab ajans Depatman Travay yo, Direktris Shui ap vizite plizyè eta ke kontaminasyon petwòl la te afekte ak sa yo k ap patisipe nan jefò netwayaj la. An plis, li menm ak lòt moun nan OFCCP, katye jeneral nan Washington, DC yo ap travay byen pwòch ak plizyè biwo rejyonal ak ki nan distri a pou asire ke yo kontinye pwoteje dwa travayè ki afekte yo epi kontinye fè sa jiskaske yo bezwen li.
Biwo Pwogram Konfòmite Kontra Federal - Ki Kalite Diskriminasyon nan Travay Lwa OFCCP yo Entèdi?
Si ou kwè ke yo ap trete ou diferan de lòt moun akòz de ras, koulè, relijyon, sèks, orijin nasyonal, andikap, oubyen kondisyon yon veteran ki pwoteje. Jeneralman, yo entèdi diskriminasyon nan aktivite tankou:
Anplwa (pa egzanp, yo pa konsidere ou pou yon travay paske ou te ale nan plizyè tou Irak lè ou te nan lame; oubyen anons pou travay la mande pou ou ka pale Angle byen menmsi li pa nesesè pou fè travay la)
Tach Travay (pa egzanp, yo pa konsidere w pou yon nouvo djòb akòz de ras ou)
Gulf Coast handout Dept of Labor 7-10 / Haitian Creole
Pwomosyon (pa egzanp, yo refize ou yon pwomosyon paske ou pale ak yon aksan)
Konpansasyon (pa egzanp, yo peye ou mwens akòz de sèks ou)
Revokasyon (pa egzanp, sipèvizè ou deside, san li pa pale ak ou, ke ou pa kapab travay ak nouvo machin nan akòz de yon andikap)
Vanjans (pa egzanp, yo refize ba ou yon boni paske ou te depoze yon plent ak OFCCP)
Pou Aprann Plis...
Pou aprann plis sou OFCCP ak jefò li pou kraze baryè pou genyen travay ki pa nan patipri epi ki divès, vizite sitwèb nou sou www.dol.gov/ofccp oubyen rele liy telefòn gratis OFCCP la sou 1-800-397-6251 (Telefòn TTY 200-693-1337.)
Enfòmasyon pou kontakte biwo distri OFCCP nan Kòt Gòf la ak Washington DC:
Alabama |
Depatman Travay Etazini |
Telefòn: (205) 731-0820 |
OFCCP |
Faks: (205) 731-3466 |
Bilding Fowòm |
950 22nd Street North, Suite 660 Rafael Ortiz |
Birmingham, AL 35203 |
Direktè Distri a |
Florida |
Depatman Travay Etazini |
Telefòn: (407) 648-6181 |
OFCCP |
Faks: (407) 648-6084 |
1001 Executive Center Drive |
Suite 100 |
Miguel Rivera |
|
Orlando, FL |
32803 |
Direktè Distri a |
Louisiana |
Depatman Travay Etazini |
Telefòn: (504) 589-6575) |
OFCCP |
Faks: (504) 589-6064) |
Bilding F. Eduard Herbert |
|
600 S. Maestri Place, Room 830-A |
Rachel Woods |
New Orleans, LA 70130 |
Direktè Biwo Zòn nan |
Mississippi |
Depatman Travay Etazini |
Telefòn: (601) 965-4668 |
OFCCP |
Faks: (601) 965-4726 |
McCoy Federal Building |
|
100 West Capitol Street, Suite 721 |
Katie Course |
Jackson, MS 39269 |
Asistan Direktè Distri a |
Washington D.C. |
|
Depatman Travay Etazini |
Telefòn: (202) 693-1097 |
OFCCP |
Faks: (202) 693-1304 |
Frances Perkins Building |
|
200 Constitution Ave., NW |
Margaret Kraak |
Washington DC 20210 |
Chèf Filyal la |
Gulf Coast handout Dept of Labor 7-10 / Haitian Creole